Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 14:61 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

61 Men Jezi rete an silans, li pa reponn anyen. Gran chèf prèt la mande l ankò: “Èske ou se Mesi a, Pitit Bondye beni an?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

61 Jezi pa louvri bouch li, li pa reponn anyen. Granprèt la kèsyonnen li ankò, li mande l: — Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye ki merite lwanj la?

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

61 Men Li te rete an silans, e pa t reponn yo. Ankò wo prèt la te poze L kesyon e t ap di Li: “Èske Ou menm se Kris la, Fis a Sila Ki Beni an?”

Gade chapit la Kopi




Mak 14:61
30 Referans Kwoze  

Pilat mande l: “Èske w se wa Juif yo?” Jezi reponn li: “Se sa ou di.”


Lidè Jwif yo reponn: “Nou genyen yon lwa, dapre lwa sa a li dwe mouri, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye.”


Yo te joure l, men li pa t reponn. Li te soufri, men li pa t fè pèsonn menas. Li te lage koz li nan men Bondye ki jije san patipri.


Alò, pou ki n ap akize m, nou di m ap manke Bondye dega paske mwen di: Mwen se Pitit Bondye? Se mwen Bondye chwazi epi li voye m sou latè.


Sa te rive vre, mwen te wè l, epi mwen sètifye Nonm sa se Pitit Bondye.”


Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!”


Yo te rele byen fò: “Pitit Bondye a, ki rapò nou gen avè w? Èske ou vin pou toumante nou anvan lè a rive?”


Epi yon vwa soti nan syèl la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.”


Se Bondye k ap voye Jezikris retounen nan jou li menm li fikse a. Se li sèl ki mèt onorab epi diy sou tout bagay. Li se Wa sou tout wa yo, Senyè sou tèt tout SENYÈ yo.


Ansèyman sa a fè pati Bòn Nouvèl Bondye ki gen anpil benediksyon an te konfye m pou m anonse a. Bòn Nouvèl sa a fè laglwa Bondye parèt aklè.


Men sa k te nan pasaj chèf la t ap li nan liv pwofèt Ezayi a: “Li te tankou yon mouton yo t ap mennen labatwa, li tankou yon mouton ki pa rele lè y ap koupe pwal yo ki sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen.


Li retounen anndan an epi li di Jezi: “Moun ki kote ou ye?” Jezi pa bay pyès repons.


Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?” Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di.


Lidè Jwif yo te antoure Jezi epi yo mande li: “Pou jis kilè ou ap kite nou nan dout sa a? Si se ou ki Kris la, di nou bagay la klè.”


Lè sa a, Granprèt la leve kanpe nan mitan mesye yo epi l mande Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite