Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”. Konsa, sa te vin fèt.
Jonas 2:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi SENYÈ a te kòmande pwason an e li te vomi Jonas sou tè sèch la. 1998 Haïtienne Lè sa a, Senyè a pase gwo pwason an lòd vomi Jonas sou rivaj lanmè a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè sa a, SENYÈ a pale ak pwason an, epi pwason an vomi Jonas a tè. |
Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”. Konsa, sa te vin fèt.
Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo;
Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la. Se konsa sa te ye.
Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt.
Aflije yo va manje e va satisfè. Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a. Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!
Anverite, SENYÈ a va sove mwen. Konsa, nou va chante chanson mwen yo sou enstriman kòd yo pou tout lavi nou lakay SENYÈ a.”
Poukisa pa t gen moun lè M te vini an? Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn? Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte? Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun? Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen; Mwen fè rivyè yo vin dezè. Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf.
Malgre sa, Mwen se SENYÈ, Bondye ou, depi nan peyi Égypte la; epi ou pa pou konnen okenn dye sof ke Mwen; paske nanpwen sovè sof ke Mwen.
Assyrie p ap sove nou. Nou p ap monte sou cheval; ni nou p ap di ankò a zèv men nou yo: “Ou se dye nou.” Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”
Epi SENYÈ a te chwazi yon gwo pwason pou vale Jonas, e Jonas te nan vant pwason a pandan twa jou ak twa nwit.