Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la. Se konsa sa te ye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Bondye fè vout la separe dlo a fè de: yon pati anwo, yon pati anba. Se konsa sa te pase.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 1:7
15 Referans Kwoze  

Louwe Li, pi wo syèl yo, ak dlo ki anwo syèl yo.


Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”


Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt.


Li vlope dlo yo nan nwaj Li yo, e nwaj la pa pete anba fòs yo.


ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt.


Si nwaj yo plen, yo vide lapli sou latè; epi si yon bwa tonbe vè sid, oswa vè nò, kote li tonbe a, se la l ap kouche.


Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt.


Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”. Konsa, sa te vin fèt.


Li fè sous yo vin koule nan vale yo. Yo koule antre mòn yo.


Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.


Syèl yo ap pale glwa Bondye a. Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.


Jou apre jou, l ap pale san rete; Nwit apre nwit, li revele konesans.


A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite