Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 1:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Bondye di ankò: Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt. Se konsa sa te pase.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 1:9
17 Referans Kwoze  

Paske lè yo kalkile konsa a, sa vin chape de remak yo ke selon pawòl Bondye a, syèl yo te egziste depi lontan e latè te fòme avèk dlo e pa dlo.


Li te di yo: “Mwen se yon Ebre, e mwen gen lakrent pou SENYÈ Bondye syèl la, ki te fè lanmè a ak tè sèch la.”


Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’


Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l. Ak men L, Li te fòme tè sèch la.


Tout rivyè yo desann vè lanmè a; sepandan li pa vin plen. Nan plas kote rivyè yo koule a, se la yo koule ankò.


Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil. Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.


Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo, ak pou limit tenèb la ak limyè a.


e li te sèmante pa Sila ki vivan pou tout tan e pou tout tan an. Sila ki te kreye syèl la ak bagay ladann yo, tè a ak bagay ladann yo, e lanmè a ak bagay ladann yo, ke p ap gen reta ankò,


Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo. Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li. Li mache sou zèl van an.


Li lonje rale zetwal nò a sou espas vid. Li fè mond lan pandye san anyen pap kenbe l.


Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.


Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl de syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite