Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 1:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Bondye di ankò: Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 1:14
43 Referans Kwoze  

Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.


ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt.


“Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”


Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a.


Èske fòs kantite sòlda Li yo kab kontwole? Epi sou kilès ke limyè Li pa leve?


Nan zye pa Li, menm lalin pa klè, ni zetwal yo pa pwòp,


Kite zetwal lannwit li yo vin etenn. Kite li espere limyè, men pa twouve l. E kite li pa wè maten vin parèt,


Yo kanpe nan jou sa a selon lòd Ou. Paske tout bagay se sèvitè Ou.


Louwe Li, solèy ak lalin nan. Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!


Anplis, Li te etabli yo jis pou tout tan. Li te pase yon dekrè ki p ap janm disparèt.


Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a! Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!


Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan, sou plèn lin nan, nan jou fèt nou an.


Leve zye nou anlè, e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo; Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo. Li rele yo tout pa non yo. Akoz grandè a pwisans Li ak fòs pouvwa Li, nanpwen youn nan yo ki manke.


Konsa pale SENYÈ a: “Pa aprann abitid a nasyon yo, ni pa vin krent sign nan syèl yo, malgre nasyon yo krent yo anpil.


SENYÈ a ki bay solèy kon limyè nan lajounen e ki etabli lòd pou lalin ak zetwal yo pou bay limyè nan aswè, ki boulvèse lanmè a jis lanm li gwonde— SENYÈ dèzame yo se non Li, k ap di:


“Konsa pale SENYÈ a: ‘Si ou ka kraze akò Mwen an pou jounen an, e akò Mwen an pou nwit lan, pou jou sa a ak nwit sa a pa rive nan lè deziye yo,


Konsa pale SENYÈ a: ‘Si akò Mwen an pou lajounen ak lannwit pa kanpe, epi aranjman ki òdone nan syèl yo pa t fèt pa Mwen menm,


“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pòtay pou lakou enteryè ki bay fas vè lès la va fèmen pandan sis jou travay yo; men li va ouvri nan Saba a, e li va vin ouvri nan jou nouvèl lin nan.


Nan jou nouvèl lin nan, li va ofri yon jenn towo san defo; anplis, sis jenn mouton ak yon belye ki san defo.


Devan yo, tè a souke. Syèl yo tranble. Solèy la ak lalin nan vin tou nwa, e zetwal yo vin pèdi briyans yo.


Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa, e zetwal yo va pèdi briyans yo.


Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo, ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten, ki etenn lajounen pou fè lannwit, ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a; SENYÈ a, se non L.


Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a, ke Mwen va fè solèy la desann a midi, e mwen va fè tè a nan fènwa nan plen jounen.


“Kote sila ki fèt Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”


“Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.


“Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sila yo, solèy la ap vin nwa fonse, e lalin nan p ap bay limyè.


Solèy la te kache nèt, e vwal tanp lan te chire an de bout.


Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la.


Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san.


Katriyèm zanj lan te sone, epi yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.


Li te ouvri labim nan, e lafimen te sòti nan fòs la tankou lafimen a yon gwo founo. Solèy la avèk lè a te vin tounwa akoz lafimen ki sòti nan labim nan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite