Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te chire rad li.
Jeremi 36:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo pa t pè, ni yo pa t chire rad yo. 1998 Haïtienne Men, ni wa a ni chèf li yo pat gen kè kase, ni yo pat fè anyen pou moutre yo te nan lapenn lè yo tande tou sa ki te nan woulo liv la. |
Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te chire rad li.
Alò, Jacob te chire rad li, li te mete twal sak nan ren li, e li te pase anpil jou ap lamante pou fis li a.
Li te vin rive ke lè Achab te tande pawòl sa yo, li te chire rad li e li te mete twal sak sou li pou te fè jèn. Li te kouche nan twal sak e li te vin mache avèk chagren nèt.
Anverite, ou manke respè Bondye e ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye.
Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo. Yo pale sou pyèj ke y ap fòme an sekrè yo. Yo di: “Se kilès ki kab wè yo?”
O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.
Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay la, Schebna, sekretè a ak Joach, fis a Asaph, achivist la, te rive kote Ézéchias ak rad yo chire, e te di li pawòl a Rabschaké yo.
Lè wa Ézéchias te tande sa, li te chire rad li, te kouvri kò l ak sak twal, e li te antre lakay SENYÈ a.
Lè yo te tande tout pawòl yo; ak gwo perèz, yo te vire youn vè lòt e yo te di a Baruc: “Anverite, nou va bay rapò tout pawòl sa yo bay wa a.”
O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t sanse doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.
Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann.
Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la.