Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 36:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Menmsi Elnathan, Delaja ak Guemaria te sipliye wa a pou l pa brile woulo a, li te refize koute yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Elnatan, pitit Delaja, ak Gemarya te lapriyè nan pye wa a pou li pat boule woulo liv la. Men, wa a pa koute yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 36:25
11 Referans Kwoze  

Li te desann lakay wa a, nan chanm grefye a. Epi gade byen, tout ofisye yo te chita la—-Élischama, grefye a, Delaja, fis a Schemaeja a, Elnathan, fis a Acbor a, Guemaria, fis a Schaphan an e Sédécias, fis a Hanania a, ak tout lòt chèf yo.


Reuben te di yo anplis de sa: “Pa vèse san. Jete li nan twou sila ki nan dezè a, men pa mete men sou li” —akoz lentansyon li te gen pou fè l chape nan men yo, pou l ta kapab remèt li bay papa l.


Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.” Men yo te reponn l: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”


Konsa, wa Jojakim te voye mesye li yo an Égypte: Elnathan, fis a Acbor a e kèk lòt mesye avèk li te ale antre an Égypte.


Moun mechan an afiche yon figi brav; men pou moun ladwati a, chemen li an sèten.


Epi ofisye yo ak tout pèp la te di a prèt yo e a pwofèt yo: “Nou p ap pase lòd lanmò pou nonm sa a, paske li te pale nou nan non SENYÈ a, Bondye nou an.”


Epi Baruc te li nan woulo pawòl a Jérémie yo lakay SENYÈ a nan chanm a Guemaria, fis Schaphan an, grefye nan tribinal anwo a, nan antre Pòtay Nèf la lakay SENYÈ a, devan tout pèp la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite