Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 36:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Jan li kontan ak pwòp tèt li, li pa janm wè pwop peche pa l la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 (3) Li kwè li pi bon pase sa l ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l yo.

Gade chapit la Kopi




Sòm 36:2
15 Referans Kwoze  

Paske mechan a ap vin ògeye sou dezi kè li a; li beni moun voras la, e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.


Sepandan, pandan l ap viv, li bat bravo pou pwòp tèt li— Malgre moun ta bay ou glwa lè ou fè byen pou pwòp tèt ou—


Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo. Nanpwen lasante ladann nan. Se kilès ki ka konprann li?


“Kòman ou ka di: ‘Mwen pa sal, Mwen pa t kouri dèyè Baal yo?’ Gade chemen ou nan vale a! Konnen byen sa ou te fè a! Ou se yon jenn femèl chamo byen rapid, k ap fè chemen l kote li pito.


Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo pa t pè, ni yo pa t chire rad yo.


Men li te vle jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”


Paske san konesans de ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a.


Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche.


Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri.


Pou l ta rive ke lè li tande pawòl a madichon sila a, li vin ògeye, e di: ‘Mwen va gen lapè menmlè mwen mache avèk kè di, pou m detwi tè wouze ansanm ak tè sèk.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite