Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jonas 3:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Nouvèl la gaye jouk rive nan zòrèy wa Niniv lan. Li desann fòtèy li. Li retire rad wa a sou li. Li abiye toutanblan tou. Li chita atènan sann dife.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Lè wa Niniv la tande sa, li kite twòn li. Li wete bèl rad wayal ki te sou li a, li mete yon rad sak sou li, epi li chita nan sann dife.

Gade chapit la Kopi




Jonas 3:6
20 Referans Kwoze  

Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.


Job te pran yon mòso cha kanari pou grate kò l pandan li te chita nan mitan sann yo.


“Malè a nou menm, Chorazin! Malè a nou menm, Bethsaïde! Paske si mirak ki te fèt nan nou yo te konn fèt nan Tyr avèk Sidon, yo t ap vin repanti lontan sa, e vin chita nan sann abiye ak twal sak.


Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann.


O fi a pèp mwen an, mete twal sak! Woule nan sann! Kriye fò konsi se pou sèl fis ke ou te fè a! Fè yon lamantasyon ki anmè pase tout lòt yo. Paske sibitman destriktè a va parèt sou nou.


Di a wa a ak manman rèn nan: “Pran yon chèz ki ba, paske bèl kouwòn ou an, kouwòn de glwa a menm, fin tonbe kite tèt ou.”


Pa pale sa nan Gath. Pa kriye menm. Nan Beth-Leaphra mwen te woule kò mwen nan pousyè.


Kite li mete bouch li nan pousyè, si se konsa, pou l ka gen espwa.


Pou tout sa a, mwen rayi pwop tèt mwen, e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”


Nan lari yo, yo fin abiye ak twal sak. Sou twati lakay yo e sou gwo plas yo, tout moun ap rele anmwey e vin fann nèt akoz dlo ki sòti nan zye yo.


Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo pa t pè, ni yo pa t chire rad yo.


Ansyen a fi a Sion yo chita atè. Yo rete an silans. Yo te jete pousyè sou tèt yo. Yo abiye yo ak twal sak. Vyèj Jérusalem yo fin bese tèt yo jis a tè a.


Nan lè sa a, tout prens lanmè yo va desann soti nan twòn yo retire wòb yo, e menm retire bèl vètman bwodri yo. Yo va abiye tèt yo ak men yo k ap tranble; yo va chita atè, ap tranble tout tan e vin efreye akoz de ou.


Li te vin rive ke lè Achab te tande pawòl sa yo, li te chire rad li e li te mete twal sak sou li pou te fè jèn. Li te kouche nan twal sak e li te vin mache avèk chagren nèt.


Michée te deklare a yo menm tout pawòl ke li te tande lè Baruc te li soti nan liv a pèp la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite