Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”
Jeremi 2:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sepandan, Mwen te plante chan rezen pi chwazi pou ou, yon grenn ki fidèl nèt. Alò kòman konsa ou te vin detounen devan M pou tounen yon boujon ki dejenere nèt sou yon chan rezen etranje? 1998 Haïtienne Mwen te plante ou pou yon pye rezen bon kalite, ki soti nan bon bouti. Men koulyeya, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon, Mwen pa konn kote ou soti. |
Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”
Li te di: “Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël; paske ou te lite avèk Bondye, e avèk lòm, epi ou te reyisi.”
Ou menm, avèk pwòp men Ou, Ou te chase mete nasyon yo deyò, men Ou te plante yo. Ou te foule yo anba. Ou te aflije yo, Ou te gaye yo toupatou.
Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte. Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te plante li la.
Ou va mennen yo antre, e plante yo nan gwo mòn eritaj pa Ou a, plas la, O SENYÈ, ke Ou te fè tankou abitasyon pa Ou a, lye sen an, O SENYÈ, ke men Ou te etabli a.
Gade vil fidèl la vin devni yon pwostitiye! Sila ki te konn plen ak jistis la! Nan yon lè, ladwati te rete nan li, men koulye a, se asasen yo ye.
Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an, Jacob ke M te chwazi a, desandan Abraham nan, zami Mwen an;
Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja? Poukisa lè M te atann a bon rezen yo, li te vin pwodwi sa ki pa bon yo?
Epi tout moun ou yo va dwat, Yo va posede peyi a jis pou tout tan; branch ke M te plante a, zèv a men M yo, pou M kapab resevwa glwa.
pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo; pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo, ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la, ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a. Konsa, yo va rele pye chenn ladwati, yon plantasyon SENYÈ a, pou Li kapab resevwa glwa.
SENYÈ a te bay ou non: “Bwa doliv, byen bèl ak anpil fwi”. Ak gwo bri, li te limen dife sou non sa a, e branch li yo te kase.
SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a; akoz yo te pwovoke Mwen ak ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.
“Ale monte nan ranje chan rezen li yo e detwi yo, men pa fin detwi nèt. Rache branch li yo, paske se pa pou SENYÈ a yo ye.
A la briyans lò a vin bese! Lò pi a pa menm ankò! Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.
Fis a lòm, kisa bwa chan rezen fè pou l pi bon pase nenpòt bwa branch lyann yo ki pami pyebwa forè yo?
“Koute yon lòt parabòl. Te gen yon mèt tè ki te plante yon chan rezen. Li te antoure li avèk yon miray. Li te fouye yon rezèvwa pou kraze rezen yo, e te bati yon tou ki wo. Li te antann demwatye ak kiltivatè yo, e te ale fè yon vwayaj.
Konsa, Li te kòmanse pale yo an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen, te antoure l avèk yon miray, e te fouye yon basen anba pèz diven an. Li te bati yon kay gad byen wo, e li te lwe l a kiltivatè yo. Konsa, li te fè yon vwayaj nan yon lòt peyi.
Li te kòmanse di pèp la parabòl sila a: Yon mesye te plante yon chan rezen. Li te lwe li a kiltivatè yo, e li te ale nan yon vwayaj ki te dire anpil.
Paske rezen pa yo sòti nan rezen Sodome, ak chan yo nan Gomorrhe. Rezen pa yo se rezen pwazon. Grap yo anmè.
Paske Li te renmen zansèt nou yo; pou sa, Li te chwazi desandan apre yo. Epi Li menm, pou kont Li, Li te mennen nou sòti an Égypte avèk gran pouvwa Li,
Israël te sèvi SENYÈ a pandan tout jou a Josué yo, tout jou a ansyen ki te vivan nan tan Josué yo, e yo te konnen tout zèv SENYÈ a te fè pou Israël.