Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 15:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 “Mwen se vrè pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 — Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m se moun k'ap okipe pye rezen an.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 “Mwen menm se vrè pye rezen an, epi Papa m se moun k ap okipe pye rezen an.

Gade chapit la Kopi




Jan 15:1
28 Referans Kwoze  

Sepandan, Mwen te plante chan rezen pi chwazi pou ou, yon grenn ki fidèl nèt. Alò kòman konsa ou te vin detounen devan M pou tounen yon boujon ki dejenere nèt sou yon chan rezen etranje?


Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.


Epi tout moun ou yo va dwat, Yo va posede peyi a jis pou tout tan; branch ke M te plante a, zèv a men M yo, pou M kapab resevwa glwa.


Nan jou sa a, branch SENYÈ a va bèl, plen ak glwa, e fwi tè a va fè yo leve tèt yo wo akoz bèlte a tout retay Israël yo.


Paske chè M se vrè manje a, e san Mwen se vrè bwason an.


Anpil bèje fin gate chan rezen Mwen yo. Yo te foule chan Mwen an anba pye; yo te fè bèl chan Mwen an vin yon savann dezole.


Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki se vrè nan Li, epi nan nou, paske tenèb la ap pase, epi vrè limyè a ap briye deja.


Konsa, Li te kòmanse pale yo an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen, te antoure l avèk yon miray, e te fouye yon basen anba pèz diven an. Li te bati yon kay gad byen wo, e li te lwe l a kiltivatè yo. Konsa, li te fè yon vwayaj nan yon lòt peyi.


“Koute yon lòt parabòl. Te gen yon mèt tè ki te plante yon chan rezen. Li te antoure li avèk yon miray. Li te fouye yon rezèvwa pou kraze rezen yo, e te bati yon tou ki wo. Li te antann demwatye ak kiltivatè yo, e te ale fè yon vwayaj.


Israël se yon pye rezen byen fètil; li pwodwi fwi pou pwòp tèt li. Selon kantite fwi li te genyen, li te miltipliye lotèl li yo. Selon bonte a peyi yo a, yo te fè pilye sakre.


Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, se pa Moïse ki te bay nou pen ki sòti nan syèl la, men se Papa M ki bay nou vrè pen ki sòti nan syèl la.


Li te kòmanse pale parabòl sila a: “Yon sèten mesye te gen yon pye fig frans ki te plante nan chan li. Li te vini pou chache fwi sou li, e li pa t twouve anyen.


“Paske wayòm syèl la tankou yon mèt tè ki ale deyò granmaten pou anplwaye ouvriye pou chan rezen li.


Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo; annou gade pou wè si chan rezen an gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri. Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.


Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Scion an.


Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun.


Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris.


pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo; pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo, ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la, ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a. Konsa, yo va rele pye chenn ladwati, yon plantasyon SENYÈ a, pou Li kapab resevwa glwa.


“‘Manman ou te tankou yon lyann nan san ou an. Li te plante bò kote dlo. Li te plen fwi ak anpil branch, akoz dlo an abondans.


Men Li te reponn yo e di: “Chak plant ke Papa M pa plante, ap vin rache.


Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.


Men si kèk nan branch yo te kase retire, epi ou menm, kòm yon oliv sovaj, te vin grefe pami yo, e te devni yon pati vivan avèk yo nan gwo rasin pye oliv la,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite