Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 2:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Paske lontan sa, Mwen te kraze jouk ou a. Mwen te chire kòd mare ou yo. Men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’ Paske sou chak kolin ki wo, e anba chak bwa vèt, ou te kouche tankou pwostitiye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Senyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 2:20
50 Referans Kwoze  

Jéroboam te etabli yon fèt nan di-zuityèm mwa, sou kenzyèm jou nan mwa a, tankou fèt ki nan Juda a, e li te monte vè lotèl la. Konsa li te fè nan Béthel e li te fè sakrifis a ti bèf ke li te fè yo. Anplis, li te estasyone Béthel prèt pou wo plas ke li te fè yo.


Paske yo tou te bati pou yo menm wo plas yo, pilye sakre yo avèk Asherim sou chak wotè ti kolin e anba chak bèl bwa vèt.


Li te mennen yo sòti nan tenèb la, nan lonbraj lanmò a, e te kase chire kòd li yo.


“Annou chire chenn sa yo, e jete kòd ki mare nou yo!”


Paske yo te pwovoke Li avèk wo plas yo, e te fè L jalou avèk imaj taye yo.


Tout pèp la te reponn ansanm. Yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a te pale yo, nou va fè yo!” Epi Moïse te mennen retounen tout pawòl a pèp yo devan SENYÈ a.


Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!”


Konsa, Mwen te desann pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo.


Gade vil fidèl la vin devni yon pwostitiye! Sila ki te konn plen ak jistis la! Nan yon lè, ladwati te rete nan li, men koulye a, se asasen yo ye.


Konsa li va rive nan jou sa a, ke chaj Li va leve soti sou do nou, jouk Li sou kou nou, e jouk la va kraze akoz lwil oksonye.


Pou M kraze Assyrie nan peyi Mwen an e pou M foule li sou mòn Mwen yo. Konsa jouk li va retire sou yo e gwo chaj li va sòti sou zepòl yo.


Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an.


Mwen te wè abominasyon nou yo, akadiltè ou yo e ranni ak anvi pou fè pwostitisyon lèd ou yo, sou kolin ak nan chan yo. Malè a ou menm, O Jérusalem! Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?” Pou konbyen de tan sa va dire?


Menm jan yo sonje pitit pa yo, se konsa yo sonje lotèl pa yo, ak Asherim sou kote bwa vèt, sou wo kolin yo.


O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a. Èske Mwen te yon dezè pou Israël, oswa yon peyi fènwa byen pwès? Poukisa pèp Mwen an di: ‘Nou lib pou nou gaye toupatou. Nou p ap vin kote Ou ankò?’


Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a.


“Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo: ke Mwen va kase jouk li a soti sou kou nou. Mwen va chire kòd yo, e etranje yo p ap fè yo esklav ankò.


Mwen va ale kote moun pwa yo. Se ak yo ke mwen va pale, paske yo menm konnen chemen SENYÈ a, ak règleman a Bondye yo.” Men yo menm tou, ak volonte ansanm te kraze jouk la, e chire tout kòd yo.


Anplis, ou te jwe pwostitiye ak Asiryen yo akoz ou pa t satisfè. Wi, ou te jwe pwostitiye ak yo e ou te toujou pa satisfè a.


Lè ou te bati lotèl ou yo nan pwent a tout lari a, e te fè wo plas ou yo tout kote yo, san menm mande kòb, ou pa t sanble a yon pwostitiye.


Yo va brile lakay ou ak dife e egzekite jijman sou ou devan zye anpil fanm. Nan lè sa a, mwen va fè ou sispann jwe pwostitiye e ou p ap peye moun ou renmen yo ankò.


Lè Mwen te mennen yo nan peyi ke M te sèmante pou bay yo a, yo te vin wè tout kolin wo ak tout bwa ki plen fèy yo. La, yo te ofri sakrifis yo, e la, yo te prezante ofrann ki te fè M fache nèt. La, yo te fè monte odè santi bon, e la, yo te vide ofrann bwason yo.


“Ohola te jwe pwostitiye a pandan li te pou Mwen an. Li te kouri ak anvi dèyè moun ki renmen li yo, dèyè Asiryen yo, vwazen li yo.


Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”


Paske manman yo te fè pwostitisyon. Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di: ‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo, ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen, lwil ak bwason mwen.’


Mwen te di li: “Ou va rete avè m pandan anpil jou. Ou p ap fè pwostitisyon, ni ou p ap madanm a yon gason. Epi konsa, mwen va menm jan anvè ou menm.”


Yo ofri sakrifis sou tèt mòn yo, e yo brile lansan sou kolin yo. Anba pye bwadchèn yo, pye sikrèn ak pye mapou yo; akoz lonbraj yo dous. Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon e madanm nou yo fè adiltè.


Pa rejwi, O Israël, ak lajwa kon nasyon yo! Paske ou te fè pwostitisyon. Ou te abandone Bondye ou a. Ou te renmen salè kòb ki konn ranmase sou nenpòt glasi vannen.


Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou nou pa t esklav pa yo. Mwen te kase fè esklavaj nou an, e Mwen te fè nou mache kanpe dwat.


Pou sa, koulye a, Mwen va kraze retire jouk li ki mare sou ou a, e mwen va eklate chèn ou yo.”


“Nou va detwi nèt tout kote ke nasyon yo mete dye pa yo pou sèvi yo; sou mòn wo yo, sou ti mòn yo ak anba tout pyebwa yo.


Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou. Pou sa, mwen kòmande nou sa, jodi a.


“Jodi a, nou te pwoklame SENYÈ a, se Bondye nou, ke nou ta mache nan chemen Li yo, kenbe lwa Li yo, règleman Li yo ak kòmandman Li yo, e koute vwa Li.


Men SENYÈ a te pran nou e mennen nou sòti nan founo fè a, an Égypte, pou nou kapab yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, tankou jodi a.


Oswa èske yon dye te janm eseye pran pou li menm yon nasyon soti nan yon lòt nasyon pa eprèv, pa sign ak mirak avèk lagè, pa yon men pwisan, pa yon bwa lonje e pa gran bagay etonan, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te fè pou nou an Égypte devan zye nou?


Ou menm ale touprè Li pou tande tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an pale nou, e nou va tande sa pou nou fè.”


Yo te reponn Josué e te di: “Tout sa ke ou te kòmande nou, nou va fè l, epi nenpòt kote ke ou voye nou, nou va ale.


Pèp la te di a Josué: “Nou va sèvi SENYÈ a, Bondye nou an e nou va obeyi vwa Li.”


Josué te ekri pawòl sila yo nan liv lalwa Bondye a; epi li te pran yon gwo wòch e te fè l kanpe la anba gwo bwadchenn ki te akote sanktyè SENYÈ a.


Youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo te vini. Li te pale avè m e te di: “Vini isit la! Mwen va montre ou jijman a gran pwostitiye ki chita sou anpil dlo yo,


Alò, fis Israël yo te fè mal devan zye SENYÈ a, yo te sèvi Baal yo avèk Astarté yo, dye a Syrie yo, dye a Sidon yo, dye a Moab yo, dye a fis Ammon yo, ak dye a Filisten yo. Konsa, yo te abandone SENYÈ a e yo pa t sèvi li.


Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a, e yo te sèvi Baal yo.


Yo te abandone SENYÈ a pou te sèvi Baal avèk Astarté yo.


Yo te kriye fò a SENYÈ a e yo te di: ‘Nou te peche akoz nou te kite SENYÈ a pou te sèvi Baal yo avèk Astarté; men koulye a, delivre nou nan men a lènmi nou yo e nou va sèvi Ou.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite