Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 15:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Ou va mennen yo antre, e plante yo nan gwo mòn eritaj pa Ou a, plas la, O SENYÈ, ke Ou te fè tankou abitasyon pa Ou a, lye sen an, O SENYÈ, ke men Ou te etabli a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 W'a mennen yo, w'a plante yo sou mòn ki pou ou a, Senyè, sou mòn kote ou pare pou kay ou a, kay ou bati pou ou a, Senyè.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 15:17
24 Referans Kwoze  

Mwen va, osi, etabli yon plas pou pèp Mwen an, Israël. Mwen va plante yo, pou yo kab viv nan pwòp plas yo e pou yo pa vin deranje ankò, ni pou mechan pa aflije yo ankò tankou lontan,


Mwen te vrèman bati pou Ou yon kay byen wo, yon plas pou Ou ta abite jis pou tout tan.”


Juda te vin sanktiyè Li a, Israël, wayòm Li.


Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an.


Ou menm, avèk pwòp men Ou, Ou te chase mete nasyon yo deyò, men Ou te plante yo. Ou te foule yo anba. Ou te aflije yo, Ou te gaye yo toupatou.


Poukisa nou gade ak anvi, O tout lòt mòn yo? Sou mòn ke Bondye te apwente konn abitasyon Li an? Anverite, SENYÈ a va abite la pou tout tan.


Tabènak Li a nan Salem. Abitasyon Li an osi nan Sion.


Menm boujon ke men dwat Ou te plante a, e branch ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan.


Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte. Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te plante li la.


Nan lanmou ak mizerikòd Ou, Ou te mennen pèp ke Ou te ransone. Nan pwisans Ou an, Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.


“Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an.


“Kite yo konstwi yon sanktyè pou Mwen, pou Mwen kapab rete pami yo.


Men ale koulye a, mennen pèp la kote Mwen te di ou a. Veye byen, zanj Mwen va ale devan ou. Malgre sa, nan jou ke Mwen va pini an, Mwen va pini yo pou peche yo a.”


Sepandan, Mwen te plante chan rezen pi chwazi pou ou, yon grenn ki fidèl nèt. Alò kòman konsa ou te vin detounen devan M pou tounen yon boujon ki dejenere nèt sou yon chan rezen etranje?


Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Yon fwa ankò, yo va pale pawòl sa a nan peyi Juda ak nan vil li yo lè M fin restore bonè li: ‘Ke SENYÈ a beni ou, O kay ladwati a, O mòn sen an!’


Mwen va rejwi de yo pou fè byen pou yo. E Mwen va, ak fidelite, plante yo nan peyi sa a, ak tout kè Mwen e ak tout nanm Mwen.”


Mwen va fè yon akò lapè avèk yo. Li va yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo. Mwen va etabli yo, fè yo vin miltipliye e Mwen va mete sanktyè Mwen nan mitan yo jis pou tout tan.


Konsa, nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye Israël la, lè sanktyè Mwen an nan mitan yo jis pou tout tan.”’”


Yo va rele nasyon yo vini nan mòn la. La, yo va ofri sakrifis ladwati, paske yo va rale abondans lanmè ak trezò ki kache nan sab yo.”


Si, malgre sa, peyi posesyon nou an pa pwòp, alò, travèse antre nan peyi posesyon SENYÈ a, kote tabènak SENYÈ a kanpe a pou vin pran posesyon pami nou. Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a, ni fè rebèl kont nou avèk lotèl ke nou bati pou kont nou an, anplis ke lotèl SENYÈ a, Bondye nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite