Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 2:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Malgre se ak savon lesiv ou ta savonnen ak anpil savon, tach inikite ou rete devan M,” deklare Senyè BONDYE a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Ou te mèt lave kò ou ak gwo savon, ou te mèt fwote kò ou ak potas, m'ap toujou wè kras malpwòpte ou yo sou ou. Se mwen menm Senyè a, Bondye a, ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 2:22
12 Referans Kwoze  

Peche a Juda ekri ak yon plim fèt an fè, ak yon pwent dyaman. Li grave sou tablo kè yo, ak sou kòn lotèl pa yo.


Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè Konsa, Ou vlope tout inikite m yo.


Inikite a Éphraïm vin ogmante nèt; peche li vin mete nan depo.


Paske zye M sou tout chemen pa yo. Yo pa kache devan figi Mwen, ni inikite yo pa kache devan zye M.


Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo, O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?


SENYÈ a te sèmante pa glwa Jacob la: “Anverite, Mwen p ap janm bliye okenn nan zak yo.


Ou te mete inikite nou yo devan Ou. Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.


Èske M pa mete sa nan depo, byen sele nan trezò Mwen?


Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?


Alò, David te di a Urie: “Rete isit la jodi a tou e demen mwen va kite ou ale.” Konsa, Urie te rete Jérusalem nan jou sa a ak pwochen jou a.


“‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Malè a peyi sanglan sila a, a chodyè nan sila gen lawouy ladann l! Lawouy la ki pa sòti ladann l! Retire ladann mòso pa mòso, san menm tire oso.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite