Mak 12:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 Konsa, Li te kòmanse pale yo an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen, te antoure l avèk yon miray, e te fouye yon basen anba pèz diven an. Li te bati yon kay gad byen wo, e li te lwe l a kiltivatè yo. Konsa, li te fè yon vwayaj nan yon lòt peyi. Gade chapit la1998 Haïtienne1 Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. — Vwala se yon nonm ki te gen yon jaden rezen. Nonm lan leve lantouray klotire jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon kay bay moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun pou okipe jaden an. Lèfini li pati l'al nan vwayaj. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil1 Jezi kòmanse pale ak pèp la an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li bare l, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi l pati an vwayaj. Gade chapit la |