men yo te giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa.
Jeremi 14:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Èske Ou te rejte Juda nèt? Oswa èske Ou te rayi Sion? Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou vin pa ka geri? Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini; pou yon tan pou nou ta ka geri, men gade byen, se gwo laperèz! 1998 Haïtienne Senyè, genlè ou voye pèp Jida a jete nèt! Eske ou rayi moun mòn Siyon yo? Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a? Nou t'ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive. Nou t'ap tann gerizon, epoutan se boulvès nou jwenn. |
men yo te giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa.
Lè m t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m; lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
“Mwen te abandone lakay Mwen an, Mwen te abandone eritaj Mwen an; Mwen fin bay fi byeneme a nanm Mwen an pou antre nan men lènmi li yo.
Eritaj Mwen an te vini pou Mwen, kon yon lyon k ap gwonde nan forè a. Li te gwonde kont Mwen. Akoz sa, Mwen te vin rayi li.
Alò, SENYÈ a te di mwen: “Menm si Moïse ak Samuel te kanpe devan M, kè M pa t ap avèk pèp sa a. Voye yo sòti nan prezans Mwen! Kite yo ale nèt!
Poukisa, doulè mwen an rete tout tan, eblese mwen an reste san gerizon? Èske Ou menm, anverite, va devni pou mwen kon yon sous twonpe, ak dlo sou sila yo pa ka depann?
Paske ni Israël, ni Juda te abandone pa Bondye li, SENYÈ dèzame yo; sepandan, peyi yo plen koupabilite devan Sila Ki Sen an Israël la.
Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’
Nou te tann lapè, men anyen bon pa t vini; yon tan gerizon, men gade byen, gwo laperèz.
Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad? Èske nanpwen doktè la? Alò poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?
Kisa pou m ta di ou? A kilès pou m ta konpare ou, O fi Jérusalem nan? A kisa pou m ta di ou sanble pandan mwen ap mennen rekonfò bay ou a, O fi vyèj a Sion an? Paske destriksyon ou an vast tankou lanmè. Se kilès ki ka geri ou?
Ou te rele nou konsi se nan jou a yon fèt etabli, gwo laperèz mwen yo tout kote. Nanpwen moun ki te chape sòti vivan nan jou kòlè SENYÈ a. Sila ke m te fè e leve yo, lènmi m te anile yo nèt.
Malgre sa, zye nou febli. Chache sekou te vin initil. Nan chache, nou te chache pou yon nasyon ki pa t ka sove.
Paske moun Maroth vin fèb nan tann sa ki bon, akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a, rive nan pòtay Jérusalem nan.
Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.