Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 12:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Eritaj Mwen an te vini pou Mwen, kon yon lyon k ap gwonde nan forè a. Li te gwonde kont Mwen. Akoz sa, Mwen te vin rayi li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Pèp ki te rele m pa m lan vire do ban mwen. Tankou yon lyon nan gwo rakbwa, y'ap gwonde sou mwen. Se poutèt sa mwen pa vle wè yo ankò!

Gade chapit la Kopi




Jeremi 12:8
8 Referans Kwoze  

Nou fè rebèl e nou nye SENYÈ a. Nou vire kite Bondye nou an, ak pawòl opresyon ak rebèl. Nan kè a, nou fòmante e fè vin parèt pawòl manti.


Jenn lyon yo gwonde sou li; ak gwo bri yo leve vwa yo. Yo te fin gate peyi li nèt. Vil li yo brile nèt. Pa gen moun ki pou rete ladann.


Yo va gwonde ansanm kon jenn lyon, yo va gwonde kon pitit a lyon.


Konsa, li te dekouvri zak pwostitisyon li an e li te dekouvri nidite li, epi Mwen te vin about avèk li, menm jan Mwen te about ak sè li a.


Tout mechanste yo se nan Guilgal; Anverite se la Mwen te rayi yo! Akoz mechanste a zak yo, Mwen va chase yo sòti lakay Mwen. Mwen p ap renmen yo ankò; tout prens yo se rebèl.


Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm, SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare: “Mwen rayi awogans a Jacob la, e Mwen deteste sitadèl li yo. Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”


Men koulye a, pèp Mwen an leve tankou yon ènmi. Nou chire retire manto ak abiman de sila k ap pase pa aza yo; moun k ap retounen, soti nan lagè.


Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite