Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 2:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Ou te rele nou konsi se nan jou a yon fèt etabli, gwo laperèz mwen yo tout kote. Nanpwen moun ki te chape sòti vivan nan jou kòlè SENYÈ a. Sila ke m te fè e leve yo, lènmi m te anile yo nèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Ou fè moun k'ap simen latèrè soti toupatou. Yo vin danse, yo vin fete sou do mwen. Lè Senyè a ankòlè, li pa egzante pesonn. Tout moun gen pou pase. Lènmi yo touye ata timoun mwen renmen yo, timoun mwen leve yo.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 2:22
16 Referans Kwoze  

Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.


Paske mwen konn tande kout lang anpil moun, laperèz toupatou. Yo pran konsèy ansanm kont mwen. Yo te fè konplo pou rache lavi m.


Otan li pase, li va kenbe nou; maten apre maten, l ap pase. Nenpòt lè pandan lajounen oswa lannwit, pou konprann sa li ye a, va pote gwo laperèz.”


Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo.


Èske Ou te rejte Juda nèt? Oswa èske Ou te rayi Sion? Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou vin pa ka geri? Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini; pou yon tan pou nou ta ka geri, men gade byen, se gwo laperèz!


Nan pwochen jou a, lè Paschhur te lage Jérémie sòti nan sèp yo, Jérémie te di li: “Paschhur se pa non ke SENYÈ a te bay ou, men pito Magor-Missabib.


Lè l fini”, deklare SENYÈ a: “Mwen va livre Sédécias, wa Juda a ak sèvitè li yo ak pèp la, sila yo ki chape nan vil sa a de epidemi, nepe, ak gwo grangou, pou fè yo antre nan men a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan men a lènmi pa yo ak nan men a sila k ap chache lavi yo. Epi li va frape yo ak kout nepe. Li p ap lese yo, ni gen okenn pitye, ni konpasyon pou yo.”’


“Alò, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Poukisa n ap fè gwo mal sa a nou menm, pou nou ta koupe retire nèt de nou menm, gason, fanm, pitit, ak tibebe, pou kite tèt nou san retay.


Poukisa mwen te wè sa? Yo pè nèt, y ap rale fè bak, mesye pwisan yo fin bat nèt, e sèl abri yo sove ale san gade dèyè. Se gwo laperèz tout kote!” deklare SENYÈ a.


Pa antre nan chan an, ni pa mache sou wout la, paske nepe lènmi a ak gwo laperèz sou tout kote.


“Modi va fwi zantray nou ak pwodwi a tè nou yo, kwasans twoupo a, avèk jenn pòtre bann mouton nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite