Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 6:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Moun va rele yo ajan rejte, akoz SENYÈ a te rejte yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 Yo rele yo vye lajan san valè, paske mwen menm Senyè a, mwen voye yo jete.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 6:30
16 Referans Kwoze  

Bondye mwen an va jete yo deyò akoz yo pa t koute Li; epi yo va vin vagabon pami nasyon yo.


Ajan ou yo, koulye a vin tounen kim e bwason ou vin mele ak dlo.


Ou te fè tout mechan sou latè yo disparèt tankou kim initil. Pou sa, mwen renmen temwayaj Ou yo.


Mwen va vire men m kont nou e Mwen va fonn kim nou an tankou se ak likid lesiv, pou l pa gen metal ki rete.


Konsa, mwen mande: Èske Bondye rejte pèp Li a? Pa janm panse sa! Paske mwen se yon Izrayelit tou, yon desandan Abraham, ki sòti nan tribi Benjamin an.


“Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.


Men Ou deja fin rejte nou nèt. Ou rete byen fache nèt ak nou.


Èske Ou te rejte Juda nèt? Oswa èske Ou te rayi Sion? Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou vin pa ka geri? Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini; pou yon tan pou nou ta ka geri, men gade byen, se gwo laperèz!


Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’


Retire vye kras sou ajan k ap fonn nan, e va sòti metal pi pou òfèv la.


La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz, paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo. Ou te fè yo vin wont, akoz Bondye te rejte yo.


Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di:


Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou.


SENYÈ a te rejte tout desandan a Israël yo. Li te aflije yo e Li te livre yo nan men a piyajè jiskaske Li te jete yo deyò vizaj Li.


“Alò, lè pèp sa a, pwofèt la oswa prèt la mande ou pou di: ‘Se kilès ki pòt pawòl SENYÈ a?’ Alò, ou va reponn yo: ‘Ki pòt pawòl sa a?’ “Mwen va retire jete nou” deklare SENYÈ a’.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite