Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 7:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Senyè a pa vle wè moun ki fè l fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 7:29
27 Referans Kwoze  

SENYÈ a te rejte tout desandan a Israël yo. Li te aflije yo e Li te livre yo nan men a piyajè jiskaske Li te jete yo deyò vizaj Li.


Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore.


Akoz sa, nan jou ke Senyè BONDYE dèzame yo te rele nou pou kriye ak gwo plenyen yo, pou pase razwa nan tèt ak mete twal sak yo.


“Mwen te abandone lakay Mwen an, Mwen te abandone eritaj Mwen an; Mwen fin bay fi byeneme a nanm Mwen an pou antre nan men lènmi li yo.


Èske Ou te rejte Juda nèt? Oswa èske Ou te rayi Sion? Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou vin pa ka geri? Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini; pou yon tan pou nou ta ka geri, men gade byen, se gwo laperèz!


Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo.


“Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou.


Yon vwa vin tande sou wotè mòn vid yo; vwa k ap kriye ak vwa siplikasyon a fis Israël yo; akoz yo te pèvèti chemen yo, yo te bliye SENYÈ a, Bondye yo.


Gaza vin chòv; Askalon te fin detwi nèt. O retay vale yo! Pandan konbyen de tan nou va blese pwòp chè nou?


Paske tout tèt vin chòv e tout bab vin koupe kout; genyen blesi sou tout men yo ak twal sak sou kwis.


Moun va rele yo ajan rejte, akoz SENYÈ a te rejte yo.”


Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri ak dèy pou patiraj dezè a, gwo plent, akoz yo vin brile nèt, jiskaske pèsòn pa pase ladann. Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò; ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale; yo ale nèt.


Mwen va gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”


Men Ou deja fin rejte nou nèt. Ou rete byen fache nèt ak nou.


“Pou nou menm, komanse fè gwo lamantasyon pou prens Israël yo,


“Fis a lòm, reprann lamantasyon sou wa Tyr la e di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Ou te genyen so pèfeksyon an, plen sajès e pafè an bèlte.


Tande pawòl sa ke m reprann pou nou kon yon chan; Yon plent konsi, pou sila ki mouri deja yo, O lakay Israël:


Vin chòv nèt; koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an. Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg, paske yo te ale an egzil kite ou!


Men li te reponn yo konsa: “Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la.


Yon jenerasyon mechan e adiltè ap chache yon sign, men yo p ap resevwa l, eksepte sign ki pou Jonas la.” Konsa, Li te sòti kite yo.


“Anverite, Mwen di nou ke tout bagay sa yo ap rive sou jenerasyon sila a.


Men lè li te wè anpil Farizyen avèk Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an?


Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”


Yo te fè zak konwonpi anvè Li. Yo pa pitit li akoz defo yo. Yon jenerasyon pèvèti e kwochi,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite