Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”
Jan 4:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske ou te genyen senk mari, epi sila a ke ou gen koulye a se pa mari ou. Ou pale verite.” 1998 Haïtienne Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè ou kounyeya, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m manti. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Ou pase senk mari deja, epi mesye ou avè l kounye a pa mari w. Lè w di ou pa gen mari a, se verite a.” |
Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”
Lè Sichem, fis Hamor a, Evyen an, prens nan peyi a te wè li, li te pran li, e pa lafòs, li te kouche avèk li.
“Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te fè trèt kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a.
“‘Sa se lalwa jalouzi a: lè yon fanm, anba otorite mari li, vin vire e konwonpi tèt li,
Fanm nan te reponn Li e te di: “Mwen pa gen mari.” Jésus te di li: “Ou pale byen: ‘Mwen pa gen mari.’
Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason.
Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.
Anplis, mwen te pran Ruth, Moabit la, vèv a Machlon an, kon madanm mwen, jis pou non a mò a kapab leve sou eritaj pa li. Pou non a mò a pa vin dekoupe soti nan frè li yo, ni nan rejis tribinal nesans li a. Nou se temwen jodi a.”