Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Rit 4:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Anplis, mwen te pran Ruth, Moabit la, vèv a Machlon an, kon madanm mwen, jis pou non a mò a kapab leve sou eritaj pa li. Pou non a mò a pa vin dekoupe soti nan frè li yo, ni nan rejis tribinal nesans li a. Nou se temwen jodi a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 An menm tan tou, yo ban m dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi nonplis nan lavil la. N'a sèvi m temwen pou sa ki rive jòdi a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Anplis de sa, m ap tou pran Rit, dam Malon te mouri kite a, pou l vin madanm mwen. Konsa, non fanmi lan ak tout eritaj fanmi lan ap kontinye pwolonje epi tout moun nan vil la ap toujou sonje defen yo. Mwen pran nou tout pou temwen m jodi a!”

Gade chapit la Kopi




Rit 4:10
19 Referans Kwoze  

Konplete semèn nan avèk sila a, e nou va bay ou lòt la tou; pou sèvis sa a, ou va sèvi m yon lòt sèt ane.”


Onan te konnen ke posterite sa yo pa t ap pou li. Konsa, li te jete jèm li an atè pou li pa fè pitit pou frè li.


Kite yo devan SENYÈ a tout tan pou L koupe retire memwa yo sou latè,


Figi SENYÈ a kont malfektè yo, pou efase memwa yo sou tè a.


Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay, e twouve favè SENYÈ a.


Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa; men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.


Desandan nou yo t ap tankou sab e pitit ou yo tankou grenn sab. Non pa li pa ta janm vin disparèt ni detwi devan prezans Mwen.”


Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram, Israël te travay pou resevwa yon madanm. Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.


Konsa, mwen te achte fanm nan pou yon sòm a kenz pyès ajan ak yon omè edmi lòj.


“Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “ke Mwen va koupe retire non a zidòl yo soti nan peyi a, e yo p ap sonje yo ankò. Mwen va osi retire pwofèt yo ak lespri pa pwòp la soti nan peyi a.


Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an.


Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li,


Li va rive ke premye ne ke li fè a, li va pran non a frè mouri an, pou non li pa efase soti an Israël.


Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.


Paske Canaran avèk tout abitan peyi a va tande sa. Yo va antoure nou e efase non nou sou tè a. Epi kisa Ou va fè pou lonè gran non Ou?”


Alò, Boaz te di a lansyen yo ak tout pèp la: “Nou se temwen jodi a ke mwen te achte soti nan men Naomi tout sa ki te pou Élimélec yo ak tout sa ki te pou Kiljon avèk Machlon yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite