Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 5:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 “‘Sa se lalwa jalouzi a: lè yon fanm, anba otorite mari li, vin vire e konwonpi tèt li,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Se regleman sa a pou yo swiv lè yon fanm pran gason sou mari l, lè li lage kò l nan dezòd pou l fè sa li pat dwe fè,

Gade chapit la Kopi




Nonb 5:29
12 Referans Kwoze  

Prèt la va fè fanm sèmante. Li va di li: “Si nanpwen gason ki te kouche avèk ou, si ou pa t vin vire pou antre nan sa ki pa pwòp, alò akoz ou anba otorite mari ou, rete san afekte pa dlo anmè sa a ki mennen yon madichon.


“Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Si madanm a yon nonm vin vire, e li vin enfidèl anvè li,


mesye a, alò, va mennen madanm li devan prèt la. Konsa, li va mennen kòm ofrann pou li yon dizyèm efa nan lòj moulen an. Li pa pou vide lwil sou li, ni mete lansan sou li, paske li se yon ofrann sereyal de jalouzi, yon ofrann sereyal pou sonje, pou pa bliye inikite.


Sa se lalwa pou mak lalèp kanni nan yon vètman an len nèt, oswa len fen, oswa an tise, oswa an trikote, oswa an nenpòt bagay ki fèt an kwi, pou pwoklame li pwòp oswa pa pwòp.


“‘Sa se lalwa sou bèt ak zwazo, tout bagay vivan ki kouri nan dlo ak tout bagay ki trennen atè,


“‘Alò, sa se lalwa sakrifis ofrann lapè ki va prezante bay SENYÈ a.


Men si fanm nan pa t konwonpi tèt li e li te pwòp, li va, alò, lib e li va fè pitit.


oswa lè yon espri jalouzi vin sou yon mesye, e li vin jalou pou madanm li. Li va, alò, fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, e prèt la va aplike tout lwa sa a anvè li.


Nou mete konfyans nou nan nepe nou, nou komèt zak abominab, e nou tout souye madanm a vwazen nou. Èske konsa, nou ta dwe posede peyi a?”’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite