Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 20:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Men pandan lannwit lan, Abimelèk fè yon rèv. Li wè Bondye parèt devan li. Bondye di li: — Gade non monchè! Ou pral mouri tande, poutèt fanm lan ou fè yo fè fòs sou li mennen li ba ou a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 20:3
22 Referans Kwoze  

Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”


Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a. Paske se yon pwofèt ke li ye. Li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”


Li pa t kite pèsòn peze yo. Wi, Li te repwoche wa yo pou koz a yo menm:


Nan yon rèv, yon vizyon nan nwit la, lè dòmi pwofon kon tonbe sou lòm, pandan yo nan somèy sou kabann yo,


Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa: “Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an.


Li te fè yon rèv, e li te gade yon nechèl yo te mete sou latè, tèt li te rive nan syèl la. Epi gade, zanj Bondye yo t ap monte desann sou li.


Jonas te kòmanse travèse vil la pandan yon jou. Li te kriye fò e te di: “Nan karant jou, Ninive va detwi nèt.”


Epi yo te di li: “Nou te fè yon rèv, e nanpwen pèsòn pou entèprete li.” Alò, Joseph te di yo: “Èske entèpretasyon yo pa apatyen a Bondye? Di m istwa sa a, souple.”


Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo. Li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.”


Alò, Joseph te fè yon rèv, e lè l te repete l bay frè l yo, konsa, yo te vin rayi li plis.


Bondye te parèt a Laban, Arameyen an, nan yon rèv nan nwit lan. Li te di li: “Fè atansyon pou ou pa pale a Jacob ni byen, ni mal.”


Men SENYÈ a te frape Farawon avèk gwo malè yo akoz Saraï, madanm Abram nan.


Epi Farawon te rele Abram. Li te di li: “Kisa ou fè m la a? Poukisa ou pa t di mwen ke li te madanm ou?


Epi Bondye te vini a Balaam, e Li te di: “Ki moun sa yo ye ki avèk ou la a?”


Li pa t kite okenn moun oprime yo. Li te bay repwòch a wa yo pou koz pa yo.


Epi pandan tan sa a, toude moun sa yo, chèf ki te responsab pran avan gou diven nan, ak bòs boulanje a wa a, te fè yon rèv nan menm nwit lan. Chak moun te fè pwòp rèv pa li, e chak rèv te gen pwòp entèpretasyon pa li.


Bondye te pale avèk Israël nan vizyon nan nwit lan. Li te di: “Jacob, Jacob.” Jacob te reponn: “Men mwen isit la.”


pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li e anpeche li fè ògèy.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite