Ebre 13:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo. Gade chapit la1998 Haïtienne4 Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil4 Tout moun dwe onore maryaj. Mari ak madanm dwe rete fidèl youn anvè lòt. Bondye ap jije tout moun ki komèt adiltè, ak lòt peche seksyèl. Gade chapit la |
“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.