Ou te divize lanmè a devan yo. Konsa yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch. Epi sila ki te kouri dèyè yo te jete nan fon, tankou yon wòch nan dlo anraje.
Egzòd 15:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di: “Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonnan. Cheval la avèk moun ki monte l la, Li te voye yo nan lanmè. 1998 Haïtienne Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Senyè a. Men sa chante a di: — M'ap chante pou Senyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè. |
Ou te divize lanmè a devan yo. Konsa yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch. Epi sila ki te kouri dèyè yo te jete nan fon, tankou yon wòch nan dlo anraje.
Konsa, Li te mennen fè sòti pèp Li a avèk jwa, sila ke Li te chwazi avèk gwo kri ak kè kontan yo.
Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a, pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
Ou se kote ke m konn kache a. Ou pwoteje mwen kont gwo twoub. Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.
Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob, ni chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.
Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou sou lanmè a pou dlo a kab retounen vin sou Ejipsyen yo, sou cha yo, ak sou kavalye yo.”
Alò, Moise te lonje men li sou lanmè a, e lanmè a te retounen nan eta nòmal li nan granmmaten, pandan Ejipsyen yo t ap sove ale tou kontra li. Konsa, SENYÈ a te boulvèse Ejipsyen yo nan mitan lanmè a.
Marie te reponn yo: “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo. Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”
Koulye a mwen konnen ke SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.”
Pa transgresyon yon nonm mechan vin pran nan pyèj nèt; men moun dwat la va chante e rejwi.
Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè! Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann, nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.
Avèk ou, Mwen kraze cheval la ak sila ki monte sou li. Avèk ou, mwen kraze cha lagè a, ak sila ki monte ladann nan.
Paske Mwen va retire non a Baal yo soti nan bouch li, pou yo pa nonmen pa non yo ankò.
mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a. Mwen va rejwi nan Bondye, sali mwen. Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.
Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.
Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di: “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo, O Senyè, Bondye Toupwisan an! Jis e vrè, se chemen Ou yo, Wa a nasyon yo.