Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 14:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou sou lanmè a pou dlo a kab retounen vin sou Ejipsyen yo, sou cha yo, ak sou kavalye yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Lè sa a, Senyè a di Moyiz: — Lonje men ou sou lanmè a ankò. Dlo a ap tounen nan plas li, l'ap kouvri moun peyi Lejip yo ansanm ak tout cha yo ak kavalye yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 14:26
12 Referans Kwoze  

Alò Farawon te kòmande tout pèp li a e te di: “Chak fis ki ne, nou va jete l nan lariviyè Nil lan, e chak fi nou va kenbe l vivan.”


Epi pou ou menm, leve baton ou an anlè. Lonje men ou sou lanmè a pou fann li. Konsa, fis Israël yo va pase nan mitan lanmè a sou tè sèch.


Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di: “Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonnan. Cheval la avèk moun ki monte l la, Li te voye yo nan lanmè.


Cha Farawon yo avèk lame l lan, Li te voye yo nan lanmè. Pi bon pami chèf li yo te plonje mouri nan Lanmè Wouj.


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Di Aaron: ‘Pran baton ou an, e lonje men ou sou dlo Égypte yo, sou rivyè yo, sou ti dlo ki koule yo, sou ti lak yo, sou rezèvwa pa yo, pou tout kapab vin tounen san. Va gen san toupatou nan tout peyi Égypte la, ni nan veso ki fèt an bwa, ak nan veso an wòch.’”


Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje men ou avèk baton ou an sou rivyè yo, sou dlo k ap koule yo, sou ti lak yo, e fè krapo yo vin parèt sou peyi Égypte la.’”


Va gen yon gran chemen k ap sòti depi Assyrie pou retay a pèp Li, menm jan ki te genyen pou Israël nan jou ke yo te monte kite peyi Egypte la.


Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou.


Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”


Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.


Paske sila yo te vèse san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite