Sòm 76 - Bib Sen An: Kreyòl AyisyenYon Sòm Asaph, yon Chanson 1 Bondye byen rekonèt nan Juda. Non Li gran an Israël. 2 Tabènak Li a nan Salem. Abitasyon Li an osi nan Sion. 3 La, Li te kase flèch dife yo, boukliye ak nepe ak zam lagè yo. 4 Ou manyifik, pi majeste pase mòn ak bèt lachas yo. 5 Sila ak gran kouraj yo te piyaje, yo te fonse tonbe nan dòmi mò a. Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo. 6 Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob, ni chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy. 7 Ou menm, Ou merite lakrent. Se kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache? 8 Ou te fè jijman tande soti nan syèl la. Latè te krent, e te kanpe rete an plas 9 lè Bondye te leve nan jijman an, pou sove tout enb sou latè yo. Tan 10 Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa. Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal. 11 Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo. Kite tout sila ki antoure Li yo mennen don a Sila ki merite lakrent lan. 12 Li va koupe retire nanm a prens yo. Wa latè yo gen lakrent Li. |
Copyright © 2017-2023 Ron Smith
eBible.org