Li te viv nan dezè Paran an, e manman l te pran yon madanm pou li nan peyi Égypte la.
Abakik 3:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Bondye soti nan Théman; Sila ki Sen an soti nan Mòn Paran. Tan Bèlte Li kouvri syèl la, e tè a vin plen ak lwanj Li. 1998 Haïtienne Bondye ap vini sòti peyi Edon. Bondye tout bon an ap desann sòti sou mòn Paran an. Pouvwa li kouvri tout syèl la. Lwanj li toupatou sou latè. |
Li te viv nan dezè Paran an, e manman l te pran yon madanm pou li nan peyi Égypte la.
Yo te leve soti Madian, pou rive Paran. Yo te pran mesye yo avèk yo soti Paran pou te rive an Égypte, kote Farawon, wa Égypte la. Farawon te bay yo yon kay e li te founi Hadad avèk manje e li te bay li tè.
Kite yo louwe non SENYÈ a, paske se sèl non Li ki leve wo. Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.
Jan non Ou ye a, O Bondye, Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent tè a; Men dwat Ou plen ladwati.
Senyè a te leve tèt Li pou yo wè; Li te rann jijman an. Nan zèv a pwòp men Li, mechan an kole nan pwòp pèlen li. Tan
Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen. Lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans.
Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo, ki depann de cheval yo, ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil, ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò; men yo pa gade sou Sila Ki Sen an Israël la, ni chache SENYÈ a!
Youn te rele a yon lòt epi te di: “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo; tout latè plen ak glwa Li.”
Kon lè Ou te fè bagay mèvèy ke nou pa t prevwa yo; Ou te desann. Mòn yo te tranble devan prezans Ou.
Konsènan Édom. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Èske pa gen sajès ankò nan Théman? Èske tout konsèy a sila ki pridan yo fin pèdi? Èske sajès yo vin pouri?
Epi gade byen, glwa Bondye Israël la t ap vini soti nan chemen lès la. Vwa Li te tankou son anpil dlo; epi tè a te limen ak glwa Li.
Answit, mesye pwisan nou yo va vin enkyete, O Théman, jis tout kapab koupe retire nèt de mòn Ésaü ak gwo masak.
Konsa, fis Israël yo te pati nan vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tan nan dezè Paran an.
Li te di: “SENYÈ a te sòti nan Sinai, e te parèt sou yo soti nan Séir. Li te briye soti nan Mòn Paran. Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen. Nan men dwat Li, te gen yon lalwa byen cho ki te pou yo.
Nou te di: “Gade byen, SENYÈ a, Bondye nou an, te montre nou glwa Li avèk grandè Li, e nou te tande vwa Li soti nan mitan dife a. Nou te wè jodi a ke Bondye pale avèk lòm, malgre sa, li rete vivan.
Samuel te mouri. Konsa, tout Israël te rasanble ansanm pou te kriye pou li, e yo te antere li kote kay li nan Rama. Konsa, David te leve desann nan dezè Paran an.