Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Abakik 3:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm e mwen kanpe etonnen nèt. O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo. Fè yo vin koni nan mitan ane yo. Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Senyè! Mwen tande tou sa ou te di. M sezi, m'ap tranble nan tout kò m. Senyè, gwo mèvèy ou te konn fè nan tan lontan yo, kounyeya, fè nou wè yo nan lanne k'ap vini yo. Menm lè ou fache, pa bliye gen pitye pou nou!

Gade chapit la Kopi




Abakik 3:2
45 Referans Kwoze  

Èske se pa Ou menm ki pou fè nou reprann ankò? Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou?


Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive; alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.


Mwen te tande, e zantray mwen te tranble. Lèv mwen te tranble ak son vwa a. Pouiti la lantre nan zo m, mwen te tranble sou plas, paske mwen oblije tann jou detrès la, byen kal, tan pèp la k ap leve vin anvayi nou.


Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.


Korije mwen, O SENYÈ, men avèk jistis; pa nan kòlè Ou, sinon Ou va fè m vin pa anyen menm.


Gade anba depi nan syèl la e wè soti nan abitasyon sen Ou ki plen ak glwa Ou. Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo? Santiman a kè ou ak konpasyon Ou te vin anpeche de mwen.


Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman, men ak lanmou dous ki p ap janm fini an, Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.


Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo. AYIN


“Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi. “Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.


O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou. Zansèt nou yo te pale nou travay ke Ou te fè nan jou pa yo, nan jou ansyen yo.


Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan swasann-dis ane sila yo?”


Paske konsa pale SENYÈ a: “Lè swasann-dizan yo fin ekoule pou Babylone, Mwen va vizite nou, e ranpli nou ak bon pawòl Mwen a nou menm, pou mennen nou retounen nan plas sa a.


Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo; se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a. “Men, anvè sila Mwen va gade; sila ki enb ak kè ki repanti a, e ki tranble devan pawòl Mwen yo.


O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.


Men koulye a, pou yon ti moman, gras la te parèt soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, pou kite pou nou, yon retay ki chape, pou bay nou yon pati nan kote sen Li an, pou Bondye nou an ta kapab klere zye nou e fè nou twouve yon ti amelyorasyon nan esklavaj nou an.


Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè, epi bay glwa a non Ou? Paske se Ou sèl ki sen. Paske tout nasyon yo va vini pou adore devan Ou. Paske zèv ladwati Ou yo, Ou gen tan revele.”


Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?”


nan premye ane a règn pa li a, mwen menm, Daniel, mwen te konprann selon liv yo, nonb dèzane selon pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie, pwofèt la, pou ta fè akonplisman dezolasyon a Jérusalem yo, menm swasann-dis ane yo.


Se kilès ki te kwè mesaj nou yo? Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele?


Men Li menm, akoz mizerikòd Li, te padone inikite yo, e pa t detwi yo. Wi, souvan Li te ralanti kòlè Li e pa t kite tout kòlè li vin leve.


Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.


Konsa, li te vin toupre kote mwen te kanpe a. Lè l te parèt, mwen te gen gwo laperèz, e mwen te tonbe sou figi m. Men li te di mwen: “Fis a lòm, konprann vizyon an; paske vizyon an apatyen a bagay a dènye tan yo.”


Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: “Mwen plen lakrent ak tranbleman”.


“ Konsa, Mwen te kon tande de Ou nan zòrèy mwen yo, men koulye a, zye m wè Ou.


Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm, va fè m viv. Ou va mennen mwen monte soti nan fon tè yo.


Se kilès ki pa ta krent Ou, O Wa a nasyon yo? Anverite, se sa Ou merite! Paske pami tout moun saj nan nasyon yo, ak nan tout wayòm yo, nanpwen okenn tankou Ou.


O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a: “paske, Mwen avèk ou. Paske Mwen va fè fen a tout nasyon kote Mwen te chase ou ale yo. Sepandan, Mwen p ap fè fen a ou menm; men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”


Yon priyè Habacuc, pwofèt la, selon fòm Sigonoth la.


Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a, Paske se yo ki la depi tan ale nèt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite