Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 4:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Tranble, men pa fè peche. Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 (5) Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.

Gade chapit la Kopi




Sòm 4:4
17 Referans Kwoze  

“Fè fache, e malgre sa pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a,


Chanson mwen, mwen va sonje pandan lannwit. Mwen reflechi tout tan nan kè mwen. Lespri m reflechi jis rive nan fon kè m:


Pa vin saj nan pwòp zye pa ou; krent SENYÈ a e vire kite mal.


Lè m sonje Ou sou kabann mwen, mwen medite sou Ou nan vèy de nwi la.


“Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye. Mwen va leve wo pami nasyon yo. Mwen va leve wo sou tè a.”


Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la?


Kite tout latè krent SENYÈ a. Kite tout sila ki rete nan mond lan kanpe etone nèt pa Li menm.


Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”


Pa lanmou dous avèk verite, inikite lave; e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.


Men SENYÈ a la nan sen tanp Li. Ke tout tè a fè silans devan Li.”


Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal; sila ki veye chemen li an prezève lavi li.


Prens yo pèsekite mwen san koz, men kè m kanpe etonnen devan pawòl Ou yo.


Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen; Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan


Adore SENYÈ a avèk gran respè e rejwi avèk tranbleman.


Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’


Anpil moun pale de nanm mwen, “Nanpwen delivrans pou li nan Bondye.” Tan


Mwen te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye. Enkline zòrèy W bò kote m. Tande pawòl mwen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite