Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Abdyas 1:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Answit, mesye pwisan nou yo va vin enkyete, O Théman, jis tout kapab koupe retire nèt de mòn Ésaü ak gwo masak.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Sòlda lavil Teman yo pral tranble nan kanson yo. Yo pral masakre tout gason peyi Edon ki konn goumen.

Gade chapit la Kopi




Abdyas 1:9
19 Referans Kwoze  

Fis Éliphaz yo te: Théman, Omar, Tsepho, Gaetham, ak Kenaz.


Jobab te mouri e Huscham a peyi Temanit yo te renye nan plas li.


Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamatit la. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò.


Pou sa, koute plan ke SENYÈ a fòme kont Édom ak objektif ke Li te fòme kont moun ki rete Théman yo: Anverite, yo va trennen yo deyò, menm pi piti nan bann mouton an. Anverite, Li va fè patiraj yo vin dezole akoz de yo menm.


Gade byen, Li va monte, desann kon yon èg e lonje zèl li kont Botsra. Kè a moun pwisan yo va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.


Konsènan Édom. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Èske pa gen sajès ankò nan Théman? Èske tout konsèy a sila ki pridan yo fin pèdi? Èske sajès yo vin pouri?


akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va osi lonje men M kont Édom e koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li. Mwen va fè dega ladann nèt. Soti nan Théman, jis rive nan Dedan, yo va tonbe pa nepe.


Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman, e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”


Menm pi brav pami gèrye yo va chape poul yo toutouni nan jou sa a”, di SENYÈ a.


Liberatè yo va monte Mòn Sion pou jije mòn Ésaü a e wayòm nan va vin pou a SENYÈ a.


Si vòlè te vin kote nou, vòlè nan lannwit yo— o ala devaste nou va vin devaste— èske yo pa t ap vòlè sèlman pou yo ta jwenn ase? Si ranmasè rezen yo te rive kote nou èske yo pa t ap kite kèk ti rès?


Gade byen, pèp ou a se fanm yo ye pami nou! Pòtay peyi ou yo vin ouvri byen laj bay lènmi ou yo. Dife fin devore baryè pòtay ou yo.


Bondye soti nan Théman; Sila ki Sen an soti nan Mòn Paran. Tan Bèlte Li kouvri syèl la, e tè a vin plen ak lwanj Li.


Pa bourade yo, paske Mwen p ap bannou okenn nan tè pa yo, menm yon ti mòso, paske Mwen te bay Ésaü Mòn Séir pou posede l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite