Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a.
2 Samyèl 15:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Wa a te di a Tsadok: “Retounen lach Bondye a nan vil la. Si mwen jwenn favè nan zye Bondye; alò, Li va mennen mwen retounen ankò pou montre mwen a Li menm e a abitasyon pa Li a. 1998 Haïtienne Apre sa, wa a di Zadòk konsa: — Pote Bwat Kontra a tounen nan lavil la. Si Senyè a pran plezi nan mwen, yon jou la kite m tounen pou m wè bwat la ansanm ak kote l rete a. |
Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a.
ke wa a te vin di a Nathan, pwofèt la: “Gade koulye a, Mwen menm rete nan yon kay ki fèt ak bwa sèd; men lach Bondye a rete anndan yon tant ki fèt ak rido.”
Paske yon sèl jou nan lakou Ou a, pi bon pase mil jou deyò. Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an, pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.
Nan lanmou ak mizerikòd Ou, Ou te mennen pèp ke Ou te ransone. Nan pwisans Ou an, Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.
Alò, Moïse te di a SENYÈ a: “Ou wè, Ou di mwen, ‘Monte avèk pèp sa a, men Ou menm ou pa kite m konnen kilès Ou va voye avèk mwen.’ Anplis, Ou te di m: ‘Mwen te konnen ou pa non Ou, e ou osi twouve favè nan zye M.’
Alò, pou sa, mwen priye Ou, si mwen twouve favè nan zye Ou, kite mwen konnen chemen pa Ou yo, pou m kapab konnen Ou, pou m kab jwenn favè nan zye Ou. Konsidere tou, ke nasyon sila a se pèp pa Ou.”
“Akoz sa, ou va pwofetize kont yo ak tout pawòl sa yo. Ou va di yo: ‘SENYÈ a va gwonde fò depi anwo; vwa l va eksprime depi nan abitasyon sen li an. Li va gwonde ak pwisans kont bann mouton pa li an. Li va rele fò tankou sila k ap foule rezen yo, kont tout sila ki rete sou latè yo.
Pa mete konfyans nan pawòl manti k ap di nou: ‘Sa se tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a.’