Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 122 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.

1 Mwen te kontan lè yo te di mwen, “Annou ale lakay SENYÈ a.”

2 Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!

3 Jérusalem, ki bati kon yon vil ki kole dyanm ansanm,

4 sou sila, tribi yo konn monte, menm tribi a SENYÈ yo, yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.

5 Paske la, twòn yo te plase pou jijman, twòn lakay David yo.

6 Priye pou lapè Jérusalem. Sila ki renmen ou yo va pwospere.

7 Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan palè ou yo.

8 Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a, “Ke lapè anndan ou”.

9 Pou koz a kay SENYÈ a, Bondye nou an, mwen va chache byen ou.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite