Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 7:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 ke wa a te vin di a Nathan, pwofèt la: “Gade koulye a, Mwen menm rete nan yon kay ki fèt ak bwa sèd; men lach Bondye a rete anndan yon tant ki fèt ak rido.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Wa a pale ak pwofèt Natan, li di l konsa: — Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Senyè a se anba yon kay twal li ye.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 7:2
24 Referans Kwoze  

Alò, Hiram, wa a Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd avèk chapant ak mason k ap kraze wòch; epi yo te bati yon kay pou David.


Alò, SENYÈ a te voye Nathan kote David. Li te vin kote li e te di: “Te genyen de mesye nan yon vil, youn te rich e lòt la te pòv.


David te twouve favè nan zye Bondye, e te mande pou li ta kapab jwenn yon mezon pou Bondye Jacob la abite.


Disip Li yo te sonje ke li te ekri “Zèl pou lakay Ou va devore M.”


Èske se lè pou nou menm, pou nou rete nan kay panno nou pandan kay sila a rete nan movèz eta?


Alò, zèv a Wa David yo, premye a jis rive nan dènye a, yo ekri nan Kwonik a Samuel yo, konseye a, nan Kwonik a Nathan yo, pwofèt la ak nan Kwonik a Gad yo, vwayan a,


Yo te pote lach Bondye a e te plase li nan tant ke David te fè monte pou li a. Epi yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan Bondye.


jiskaske m jwenn yon kote pou SENYÈ a, yon abitasyon pou Toupwisan a Jacob la.


Sepandan, David te gen tan mennen fè monte lach Bondye a soti Kirjath-Jearim nan plas li te prepare pou li. Paske li te fè monte yon tant pou li Jérusalem.


Alò Hiram, wa Tyr a, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd yo, mason ak chapant pou bati yon kay pou li.


An akò avèk tout pawòl sila yo, tout vizyon sila yo, Nathan te pale avèk David.


Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a.


Li te mennen lach la nan tabènak la, e li te monte yon vwal pou separe l. Li te separe lach temwayaj la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Urie te di a David: “Lach la menm avèk Israël avèk Juda ap rete nan tant yo; epi mèt mwen, Joab avèk sèvitè a mèt mwen yo ap fè kan nan chan louvri. Konsa, kijan mwen kapab ale lakay mwen pou manje bwè e kouche avèk madanm mwen? Pa lavi ou ak lavi nanm ou menm, mwen p ap fè bagay sa a.”


Epi gade, pandan li te toujou ap pale, Nathan, pwofèt la te vin antre.


“Alò, sa te nan kè papa m, David pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.


David te di a Salomon: “Fis mwen, mwen te gen entansyon pou bati yon kay a non SENYÈ a, Bondye mwen an.


Alò, tout lòt zèv a Salomon yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Nathan yo, pwofèt la, nan pwofesi Achija a, Silonit lan, ak nan vizyon a Jéedo yo, konseye a Jéroboam nan, fis a Nebath la?


Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk linstriman kòd yo, selon kòmand David la avèk Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo.


Men Tsadok, prèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Nathan, pwofèt la, Schimeï, Réï, ak mesye vanyan ki te apatyen a David yo, pa t avèk Adonija.


Azaria, fis a Nathan an te sou depite yo; epi Zabud, fis a Nathan an, yon prèt, te zanmi a wa a;


jan li te sèmante a SENYÈ a, e te fè ve a Toupwisan a Jacob la:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite