Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 33:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Alò, Moïse te di a SENYÈ a: “Ou wè, Ou di mwen, ‘Monte avèk pèp sa a, men Ou menm ou pa kite m konnen kilès Ou va voye avèk mwen.’ Anplis, Ou te di m: ‘Mwen te konnen ou pa non Ou, e ou osi twouve favè nan zye M.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Moyiz di Senyè a: — Ala ou di m fè pèp la moute ale nan peyi a, men ou pa di m kilès w'ap voye avè m pou ede m. Men, kounyeya ou di m ou konnen m byen, ou konnen ki moun mwen ye. Ou kontan mwen anpil.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 33:12
16 Referans Kwoze  

Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”


Wa a te di a Tsadok: “Retounen lach Bondye a nan vil la. Si mwen jwenn favè nan zye Bondye; alò, Li va mennen mwen retounen ankò pou montre mwen a Li menm e a abitasyon pa Li a.


Paske SENYÈ a konnen chemen a sila ki dwat yo, men chemen a mechan yo va disparèt.


Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.”


Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, Bondye te rele li depi nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!” Li te di: “Men Mwen.”


Men ale koulye a, mennen pèp la kote Mwen te di ou a. Veye byen, zanj Mwen va ale devan ou. Malgre sa, nan jou ke Mwen va pini an, Mwen va pini yo pou peche yo a.”


Alò SENYÈ a te pale ak Moïse: “Pati, ale monte soti isit la, ou menm avèk pèp ke ou te mennen monte sòti nan peyi Égypte la, vè yon peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Issac, e a Jacob lè M te di yo: ‘A desandan nou yo Mwen va bay li.’


SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen va osi fè bagay sa ke ou te pale a; paske ou twouve favè nan zye M, e Mwen konnen ou pa non Ou.”


Mwen va voye yon zanj devan ou, e Mwen va mete Kananeyen yo deyò, Amoreyen yo, Evetyen yo, Ferezyen yo, Etyen yo, ak Jebisyen yo.


Li te di: “Si koulye a mwen twouve favè nan zye Ou, O Senyè a, mwen priye, kite Senyè a ale ansanm nan mitan nou, malgre pèp la se tèt di. Padone inikite nou, peche nou, e pran nou kòm pwòp posesyon pa Ou.”


Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob, e Sila ki te fòme ou a, O Israël: “Pa pè, paske Mwen te rachte ou. Mwen te rele ou pa non ou. Se pa M ou ye!


Mwen va bay ou trezò lannwit yo ak richès k ap kache kote sekrè yo, pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a, Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.


Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou, e avan ou te fèt mwen te konsakre ou. Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.


Selon pwomès ke M te fè nou an, depi lè nou te sòti nan peyi Égypte la, Lespri M t ap viv pami nou. ‘Pa pè anyen!’


Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite