Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 122:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Mwen te kontan lè yo te di mwen, “Annou ale lakay SENYÈ a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (1b) Ala kontan mwen te kontan lè yo di m: — Ann ale lakay Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Sòm 122:1
27 Referans Kwoze  

Paske yon sèl jou nan lakou Ou a, pi bon pase mil jou deyò. Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an, pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.


Anpil nasyon va vin di: “Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a, lakay Bondye Jacob la, pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo e pou nou ka mache sou pa Li yo.” Paske depi nan Sion, lalwa va sòti e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.


Konsa, anpil pèp va vini e yo va di: Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a, lakay Bondye a Jacob la; pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo, e pou nou kapab mache nan pa Li yo. Paske lalwa a va sòti fè parèt soti nan Sion, e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.


Gade byen! Beni SENYÈ a, tout sèvitè SENYÈ yo, Ki sèvi pandan lannwit lakay SENYÈ a!


Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a. Li te reponn mwen.


A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo, ki mache nan chemen Li yo.


Mwen leve zye m vè mòn yo. Se kibò sekou mwen va sòti?


A Ou menm, mwen leve zye mwen, O Ou menm ki chita sou twòn Ou nan syèl la!


Nou menm, ki te fè kominyon dous ansanm, ki te mache nan kay Bondye a nan mitan tout pèp la.


Paske jou a va rive lè gadyen sou kolin Éphraïm yo va kriye fò: ‘Annou leve! Annou monte Sion, kote SENYÈ a, Bondye nou an.’”


Gade byen, a la bon e agreyab pou frè yo viv ak tèt ansanm!


O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans. Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè, ni nan sa ki twò wo pou mwen.


Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.


Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la, sila ki bati li yo, travay anven. Amwenske SENYÈ a veye pòtay la, gadyen an rete zye louvri anven.


Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.


Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, kite Israël di koulye a,


Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan, paske se yo ki lajwa kè m.


“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen. Kite Israël di koulye a:


Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo, nou te tankou sila ki fè rèv yo.


Bagay sa yo mwen sonje e mwen vide nanm mwen nèt anndan m. Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la, pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye, avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.


Sonje, SENYÈ, pou koz David, ak tout soufrans li an,


O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou, avèk kote ke glwa Ou rete a.


Lè yo antre, prens lan va antre pami yo; epi lè yo sòti, li va sòti.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite