Pou zye Ou kapab louvri a siplikasyon a sèvitè Ou, e a siplikasyon a pèp Ou a, Israël, pou koute yo nenpòt lè ke yo rele Ou.
2 Kwonik 6:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Koulye a, O Bondye mwen, mwen priye, kite zye Ou louvri e zòrèy ou vin atantif a lapriyè sa a, ki fèt nan plas sa a. 1998 Haïtienne Kounyeya, Bondye mwen, louvri je ou, koute lapriyè n'ap fè nan pye ou isit la. |
Pou zye Ou kapab louvri a siplikasyon a sèvitè Ou, e a siplikasyon a pèp Ou a, Israël, pou koute yo nenpòt lè ke yo rele Ou.
SENYÈ a te di li: “Mwen fin tande priyè ou ak siplikasyon ke ou te fè devan M nan. Mwen te konsakre kay sa a ke ou te bati nan mete non Mwen la pou tout tan. Zye Mwen avèk kè Mwen va la pou tout tan ale nèt.
Panche zòrèy Ou, O SENYÈ a pou tande. Ouvri zye Ou O SENYÈ pou wè. Koute pawòl a Sanchérib yo, ke li te voye pou repwoche Bondye Vivan an.
Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.”
pou zye Ou kapab ouvri vè kay sa a lajounen kon lannwit, vè plas sou sila Ou te di ke Ou ta mete non Ou la, pou koute lapriyè ke sèvitè Ou a va fè vè plas sa a.
alò, tande, depi nan syèl la, depi nan abitasyon pa Ou a, lapriyè pa yo, avèk siplikasyon pa yo, e bay soutyen a koz pa yo, epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou.
Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a.
O Senyè, mwen sipliye W, pou zòrèy ou kapab atantif a lapriyè a sèvitè Ou a ak lapriyè a sèvitè Ou yo ki pran plezi nan louwe non Ou. Fè sèvitè Ou a reyisi nan jou sila a, e bay li mizerikòd devan nonm sila a.” Alò, se te mwen ki te pote tas pou wa a.
ke zòrèy W kapab atantif e zye Ou yo louvri pou tande lapriyè sèvitè Ou a ke mwen ap fè devan Ou koulye a, lajounen kon lannwit, nan non a fis Israël yo, pou konfese peche a fis Israël yo ke nou te fè kont Ou menm. Mwen menm avèk lakay papa m te peche.
Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m, pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen. Prete zòrèy a lapriyè mwen, ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun.
Panche zòrèy W bò kote mwen. Delivre mwen byen vit. Devni pou mwen wòch ki ban m fòs, yon sitadèl ki pou sove m.
Panche zòrèy Ou, O SENYÈ pou tande. Ouvri zye Ou, O SENYÈ pou Ou wè. Koute byen tout pawòl ke Sanchérib te voye pou repwoche Bondye vivan an.