Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 130 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon chan pou monte vè tanp lan.

1 Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.

2 SENYÈ, koute vwa mwen! Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.

3 Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo, O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?

4 Men avèk Ou menm, gen padon, pou moun ta gen reverans Ou.

5 Mwen tann SENYÈ a. Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li, mwen mete espwa m.

6 Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis pase gadyen k ap tann maten rive a. Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.

7 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a. Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd. Avèk Li, gen redanmsyon an abondans.

8 Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite