Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 6:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 pou zye Ou kapab ouvri vè kay sa a lajounen kon lannwit, vè plas sou sila Ou te di ke Ou ta mete non Ou la, pou koute lapriyè ke sèvitè Ou a va fè vè plas sa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Lajounen kou lannwit, voye je ou sou Tanp lan, Tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, mape fè nan pye ou.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 6:20
17 Referans Kwoze  

Panche zòrèy Ou, O SENYÈ a pou tande. Ouvri zye Ou O SENYÈ pou wè. Koute pawòl a Sanchérib yo, ke li te voye pou repwoche Bondye Vivan an.


Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.”


‘Si mechanste ta vini sou nou, nepe, oswa jijman, oswa epidemi, oswa gwo grangou, nou va kanpe devan kay sila a e devan Ou menm, (paske non pa Ou sou kay sa a) pou kriye a Ou menm nan twoub nou yo, ke Ou va tande pou delivre nou.’


Malgre sa, prete atansyon a lapriyè a sèvitè Ou a, avèk sa li mande a, O SENYÈ Bondye mwen an, pou koute lè m kriye ak lapriyè ke sèvitè Ou a fè devan Ou;


“Koulye a, O Bondye mwen, mwen priye, kite zye Ou louvri e zòrèy ou vin atantif a lapriyè sa a, ki fèt nan plas sa a.


‘Depi jou ke M te mennen pèp Mwen an sòti nan peyi Égypte la, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou bati yon kay pou non Mwen ta kapab la, ni Mwen pa t chwazi yon moun kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël;


men Mwen te chwazi Jérusalem pou non Mwen ta kapab la, e Mwen te chwazi David pou li kapab sou pèp Mwen an, Israël.’


Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a.


ke zòrèy W kapab atantif e zye Ou yo louvri pou tande lapriyè sèvitè Ou a ke mwen ap fè devan Ou koulye a, lajounen kon lannwit, nan non a fis Israël yo, pou konfese peche a fis Israël yo ke nou te fè kont Ou menm. Mwen menm avèk lakay papa m te peche.


SENYÈ a se gadyen ou. SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.


Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo, sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,


Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo. Zòrèy Li koute kri yo.


Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te kon fè oparavan an.


alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.


ke nou va pran kèk nan premye a tout pwodwi latè ke nou mennen antre sòti nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. Nou va mete li nan yon panyen e ale kote SENYÈ a, Bondye nou an, nan plas SENYÈ Bondye nou va chwazi pou etabli non Li an.


Paske nan Li menm tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite