Men Amatsia pa t ap koute, paske sa te soti nan Bondye, ki ta livre yo nan men lèdmi yo, akoz yo te chache dye Édom yo.
2 Kwonik 25:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ou di nan tèt ou: ‘Gade byen, mwen te bat Édom.’ Konsa kè ou vin plen ak ògèy e anfle. Alò, rete lakay ou! Poukisa ou ta pwovoke twoub pou tèt ou, jiskaske ou menm, ou ta tonbe e Juda avèk ou?” 1998 Haïtienne Amasya, ou di ou kraze moun peyi Edon yo, kounyeya, ou kite lògèy vire tèt ou. Men pito ou rete chita lakay ou tande! Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou epi pou sa pase mal ni pou ou, ni pou peyi Jida a? |
Men Amatsia pa t ap koute, paske sa te soti nan Bondye, ki ta livre yo nan men lèdmi yo, akoz yo te chache dye Édom yo.
Men lè l te vin fò, kè li te vin plen ògèy. Li te aji konwonpi. Li pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye li a, paske li te antre nan tanp SENYÈ a pou brile lansan sou lotèl lansan an.
Men Ézéchias pa t remèt anyen pou benefis li te resevwa a, paske kè li te plen ògèy. Akoz sa, kòlè SENYÈ a te vini sou li avèk Juda ak Jérusalem.
Men Néco te voye mesaje yo kote li. Li te di: “Kisa nou gen pou fè youn avèk lòt, O Wa Juda a? Se pa kont ou ke m ap vini jodi a, men kont kay avèk sila mwen angaje nan lagè yo. Bondye te kòmande mwen fè prese. Byen avèti ke se Bondye ki avè m nan, pou Li pa detwi ou.”
Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respe; alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.
Tankou yon moun ki pran yon chen pa zòrèy, se konsa sila k ap pase pa aza a, pou l gaye nan goumen ki pa apatyen a li menm nan.
Yon nonm awogan ap pwovoke konfli; men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
Konsa pale SENYÈ a: “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li. Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li, ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
Epi foul lame a va vin leve retire. Kè li va vin egzalte e li va fè sòlda tonbe pa di-milye, men, li p ap ka enpoze li.
Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men moun dwat la va viv pa lafwa li.
“Oubyen ki wa, lè li pati pou rankontre yon lòt wa nan batay, li p ap dabò kalkile si l ap gen ase de fòs avèk di-mil moun pou rankontre lòt la k ap vin kont li avèk ven-mil?
alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”
Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".