Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Abakik 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men moun dwat la va viv pa lafwa li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Men mesaj la: Gade jan y'ap fè gwo kòlèt! Yo pa konn sa ki rele mache dwat! Men moun ki mache dwat yo ap viv nan konfyans yo genyen nan Bondye.

Gade chapit la Kopi




Abakik 2:4
17 Referans Kwoze  

Sepandan, pandan l ap viv, li bat bravo pou pwòp tèt li— Malgre moun ta bay ou glwa lè ou fè byen pou pwòp tèt ou—


Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a.


si li mache nan règleman Mwen yo, ak lòd Mwen yo pou l aji ak fidelite; li se yon moun dwat, e anverite, li va viv,” deklare Senyè BONDYE a.


Epi foul lame a va vin leve retire. Kè li va vin egzalte e li va fè sòlda tonbe pa di-milye, men, li p ap ka enpoze li.


Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?”


Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki mache ak ògèy yo.


“Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”


Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakolè Bondye va rete sou li.


Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: “Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.


sepandan, nou konnen ke yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye.


Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.


Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa; e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”


Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite