Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a!
2 Kwonik 2:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Kay ke m prè pou bati a va tèlman gran; paske pi gran se Bondye pa nou an, ke tout lòt dye yo. 1998 Haïtienne Men, se pou tanp mwen pral bati a gwo anpil, paske Bondye nou an gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo. |
Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a!
Epi kay sila a va devni yon pil ranblè. Tout moun ki pase va sezi e soufle e yo va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi ak kay sa a?
Paske gran se SENYÈ a, e gran pou resevwa lwanj yo. Anplis, fòk nou gen lakrent Li plis pase tout lòt dye yo.
Epi Wa David te di a tout asanble a: “Fis mwen an, Salomon, ki sèl pou kont li Bondye te chwazi a, toujou jèn, san gwo eksperyans e travay la byen gwo. Paske tanp lan pa pou lòm, men pou SENYÈ a, Bondye a.
Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.
pou prepare bwa konstriksyon pou mwen an gran kantite. Pwiske kay ke mwen prè pou bati a va yon gran mèvèy.
Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.”
“Men èske Bondye va vrèman rete avèk lòm sou tè a? Gade byen, syèl la avèk pi wo syèl la pa kab kenbe Ou; bokou mwens, pou kay sa a ke m te konstwi a.
Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?
Koulye a mwen konnen ke SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.”
Konsa pale SENYÈ a: “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M. Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen? Epi ki kote pou M ta ka repoze?
Yo te transfòme bote a òneman pa Li yo pou vin ògèye yo te fè imaj abominasyon yo ak bagay detestab yo avè l. Konsa, Mwen va fè l vin yon bagay abominab pou yo menm.
Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo.