Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 29:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Epi Wa David te di a tout asanble a: “Fis mwen an, Salomon, ki sèl pou kont li Bondye te chwazi a, toujou jèn, san gwo eksperyans e travay la byen gwo. Paske tanp lan pa pou lòm, men pou SENYÈ a, Bondye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lèfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa: — Salomon, pitit gason m lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Senyè a.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 29:1
17 Referans Kwoze  

Mwen fèb jodi a, malgre m onksyone kòm wa. Mesye sila yo, fis a Tseruja yo twò difisil pou mwen! Ke SENYÈ a rekonpanse malfektè a selon mechanste li a.”


Epi koulye a, pou ou menm, mèt, wa a, zye a tout Israël ap gade ou, pou di yo se kilès k ap chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li.


Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti.


Pou sa, David te bay lòd pou ranmase tout etranje ki te nan peyi Israël yo. Konsa, li te mete taye wòch nan travay pou koupe wòch pou bati kay Bondye a.


David te di: “Fis mwen, Salomon jèn, epi manke eksperyans. Epi kay k ap bati pou SENYÈ a va tèlman ekstrawòdinè, byen koni toupatou, e k ap renome pou glwa li nan tout peyi yo. Se pou sa ke mwen va fè preparasyon pou li.” Konsa, David te fè anpil preparasyon avan l te mouri.


Alò, David te rasanble nan Jérusalem tout ofisye Israël yo, chèf a tribi yo, kòmandan a divizyon ki te sèvi wa yo, kòmandan a dè milye yo avèk kòmandan a dè santèn yo, sipèvizè a tout teren avèk bèt ki te apatyen a wa a, avèk fis li yo, avèk ofisye yo ak mesye pwisan yo, menm tout mesye gwo kouraj yo.


Koulye a, reflechi byen, paske SENYÈ a te fin chwazi ou menm pou bati yon kay pou sanktiyè a. Pran kouraj e aji.”


“Pou sa, koulye a, devan zye a tout Israël, asanble SENYÈ a e nan tande a Bondye nou an, swiv e pran a kè tout kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou nou kapab posede bon peyi a e bay li a fis apre nou yo, jis pou tout tan.


Anplis, bay a fis mwen an, Salomon, yon kè entèg pou kenbe tout kòmandman Ou yo, temwayaj Ou yo ak règleman Ou yo, pou fè tout sa, pou bati tanp lan, pou sila mwen te fè pwovizyon an.”


Salomon te pale a tout Israël, a kòmandan a dè milye yo e dè santèn yo, a jij yo e tout moun nan sila ki t ap dirije nan tout Israël yo, chèf lakay zansèt pa yo.


Yon bann sanzave te rasanble vè li menm, vagabon yo, yon eprèv ki te twò fò pou Roboam, fis a Salomon an, lè li te trè jèn, timid e li pa t ka kenbe plas pa l kont yo.


Lè m te yon jenn timoun ak papa m, byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,


Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo, e gen konpasyon pou lakay li yo; vil la va rebati sou ranblè li yo e palè a va kanpe nan pwòp plas li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite