Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 148:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Louwe Li, pi wo syèl yo, ak dlo ki anwo syèl yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.

Gade chapit la Kopi




Sòm 148:4
12 Referans Kwoze  

Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a!


Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la. Se konsa sa te ye.


“Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann.


Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl de syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.


Mwen konnen yon nonm an Kris, ki katòzan pase—-si se te nan kò li, m pa konnen, oubyen si se pa t nan kò li, m pa konnen, Bondye konnen——yon nonm konsa te monte nan twazyèm syèl la.


ki abese tèt Li pou gade tout bagay ki nan syèl yo ak sou latè yo?


Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo. Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li. Li mache sou zèl van an.


A Sila ki vwayaje monte sou pi wo syèl la, ki la depi nan tan ansyen yo. Gade byen, Li pale ak gwo vwa, yon vwa plen pwisans.


Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri.


Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”.


“Kay ke m prè pou bati a va tèlman gran; paske pi gran se Bondye pa nou an, ke tout lòt dye yo.


Paske Bondye va delivre Sion e bati vil Juda yo, pou yo kab rete la e posede li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite