Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 135:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran, e ke SENYÈ nou an pi wo ke tout dye yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Mwen konnen Senyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo.

Gade chapit la Kopi




Sòm 135:5
13 Referans Kwoze  

Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs. Bon konprann Li an san limit nèt.


Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a, nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.


Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a? Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,


Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e yon gran wa pi wo ke tout dye yo.


Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè. Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.


Se Li menm ki chita anwo wonn tè a ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan; ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.


“Alò, ak kilès ou va konpare Mwen, pou M ta kapab vin egal avè l?” pale Sila Ki Sen an.


Konsa, mwen fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.”


“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite