Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 135:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm, Israël pou pwòp posesyon pa Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l, se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.

Gade chapit la Kopi




Sòm 135:4
15 Referans Kwoze  

Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.


Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm.


“Konsa, yo va vin pou Mwen”, pale SENYÈ Dèzame yo, “nan jou sa a ke M prepare posesyon Mwen an. Epi Mwen va fè yo gras menm jan yon nonm ta fè gras a pwòp fis k ap sèvi li a.”


Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an, Jacob ke M te chwazi a, desandan Abraham nan, zami Mwen an;


O jèm Abraham, sèvitè Li a, O fis Jacob la, sila ke Li te chwazi yo!


Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,


Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm.


Paske pòsyon SENYÈ a se pèp Li a. Jacob se don eritaj Li a.


ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.


“Jodi a, SENYÈ a te pwoklame nou se pèp Li, yon posesyon presye, jan Li te pwomèt nou an, epi nou ta dwe kenbe tout kòmandman Li yo.


Pòsyon Jacob pa tankou sa yo; paske Sila ki fè tout bagay la se Li menm e selon tribi eritaj Li a, SENYÈ dèzame yo se non L.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite