1 Timote 3:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp 1998 Haïtienne Konsa tou, pou dyak yo, fòk se moun ki respektab, ki gen yon sèl pawòl, ki pa bwè depase mezi, ki p'ap kouri dèyè move lajan. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Se menm jan an tou, dyak yo dwe moun respektab epi moun ki rete kole ak verite a. Yo pa dwe bwè dekwa pou yo sou, epi yo pa dwe ap chache fè lajan nenpòt kijan. |
Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo. Anndan yo se pouriti menm. Gòj yo se yon tonm ki louvri. Yo fè flatè ak lang yo.
Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo.
Gòj pa yo se yon tonm tou louvri. Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon. Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.
Paul ak Timothée, sèvitè-atache nèt a Jésus Kri yo, a tout fidèl ki nan Kris Jésus ki nan vil Philippe yo, menm avèk dirijan legliz ak dyak yo tou:
Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi.
Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.
Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp;
Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon
Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.
se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi.