Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 10:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 — Ni ou menm, ni pitit gason ou yo, nou pa fèt pou nou bwè diven ni okenn gwòg lè se jou nou gen pou nou antre nan Tant Randevou a. Si nou fè sa n'a mouri. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, nou menm, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo.

Gade chapit la Kopi




Levitik 10:9
17 Referans Kwoze  

Nan tant rankont lan, deyò tapi a, ki avan temwayaj la, Aaron avèk fis li yo va kenbe li an lòd depi nan aswè rive jiska maten devan SENYÈ a: li va yon règleman jis pou tout tan, pou tout jenerasyon pa yo, pou fis Israël yo.”


Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten; nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.


Anplis yo vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an, e yo vin toudi akoz bwason fò a. Yo kilbite pandan y ap fè vizyon, e yo manke tonbe lè y ap rann jijman.


Ni okenn nan prèt yo pa pou bwè divin pandan y ap antre nan lakou enteryè a.


Lavi pwostitisyon, diven, ak diven nèf retire bon konprann.


“Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron. Li te di:


“‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”


Konsa, prèt la va balanse yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Li sen pou prèt la, ansanm avèk pwatrin ki ofri pa balanse a e kwis ki ofri pa leve anlè a. Apre Nazareyen an kapab bwè diven an.


li va refize diven avèk bwason fò. Li pa pou bwè vinèg, kit li fèt avèk diven kit bwason fò, ni li p ap bwè ji rezen, ni manje rezen, ni fre, ni sèch.


“Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.


Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a.


Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan.


Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp


Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.


Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite