2 Yo pale sa ki fo a youn lòt. Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
2 (3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.
Nan Zabulon, te gen senkant-mil moun ki te parèt nan lame a ki te konn ranje kò yo nan fòmasyon batay avèk tout kalite zam lagè pou te ede David avèk kè ki pa t divize menm.
Bouch li plen ak malediksyon, avèk twonpe moun avèk oprime moun. Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo: “Tout moun se mantè”.
Fè m sekou e delivre m de men a etranje yo, Bouch a sila ki pale desepsyon yo, e men dwat a sila ki men dwat a manti yo.
bouch kap pale manti yo e men dwat a sila ki se men dwat a manti yo.
Pa rale m sòti avèk mechan yo, avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo, pandan mechanste nan kè yo.
Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen. Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon. Y ap manniganse trayizon tout lajounen.
Si li vin wè m, li bay manti. Kè li ranmase mechanste pou kont li. Lè l sòti deyò, li pale sa.
Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo. Anndan yo se pouriti menm. Gòj yo se yon tonm ki louvri. Yo fè flatè ak lang yo.
Pawòl li te pi dous pase bè, men ak kè, li te fè lagè. Pawòl li yo te pi dous pase lwil, men se nepe rale yo te ye.
Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo, Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo. Paske se malediksyon avèk manti yo bay.
Yo plen entansyòn pou pouse li soti nan wo pozisyon li. Yo pran plezi nan tout sa ki fo. Yo beni avèk bouch yo, men anndan yo bay madichon.
Sila ki difame moun devwale sekrè; pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.
Gen anpil moun ki pwomèt fidelite; men kibò pou jwenn yon nonm onèt?
Yon nonm ki flate vwazen li ap ouvri filè pou pla pye li.
Ou va di yo: ‘Sa se nasyon ki pa t obeyi vwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, ni ki pa t aksepte koreksyon. Verite fin peri e koupe retire nèt nan bouch yo.
Lang pa yo se yon flèch mòtèl; li pale manti. Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li, men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.
Paske p ap gen ankò okenn fo vizyon ni okenn divinasyon flatè anndan kay Israël la.
Moun fidèl fin disparèt sou latè a, e nanpwen moun dwat pami lòm. Yo tout kouche an anbiskad pou vèse san; yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen.
Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.
Paske nou pa t janm vini avèk pawòl k ap flate moun, jan nou konnen an, ni avèk yon pretèks pou fè lajan (Bondye se temwen)
tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.